Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Sekirite: Lapolis Arete Prezime Chèf Gang Arnel Joseph yo Tap Chache Aktivman


Yon manm gang ame ann Ayiti. Foto achiv: 22 desanm 2006
Yon manm gang ame ann Ayiti. Foto achiv: 22 desanm 2006

Fòs de lòd yo nan vil Okay arete Arnel Joseph nan moman li t al chache swen nan lopital Bòn Fen apre li te resevwa yon bal pandan boukantay kout zam ak yon lòt group bandi nan Machan Dessalinnes kote li te pran refij.

Pòt pawòl polis nasyonal la Michel-Ange Louis Jeune te fè anons la sou Radyo Tele Caraibes, youn nan afilye sèvis Kreyòl la ann Ayiti. Arnel Joseph anba akizasyon kòm chèf bandi ame ki tap simen latèrè nan site de Dieu yon bidonvil nan kapital la Pòtoprens.

Akize a te pran refij nan Latibonit kote li te kontinye opere ansanm ak lòt moun ki menm jan ak li akize kòm bandi ame. Pòt pawòl PNH la di li pap pran twòp tan pou Arnel Joseph prezante devan jij natirèl li pou l reponn ak akizasyon k ap peze sou do l.

XS
SM
MD
LG