Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Politik: Kriz la ap Kontinye - Pèp la Toujou Sou Beton an


Ayisyen ki te pran lari atravè tout peyi a pou yo te reponn yon apèl opozisyon an ak militan anti-koripsyon yo te lanse pou mande yo manifeste pa bann e pa pakèt nan kad presyon k ap fèt pou fòse Prezidan Jovenel Moise kite pouvwa a. (Pòtoprens, Ayiti, le
Ayisyen ki te pran lari atravè tout peyi a pou yo te reponn yon apèl opozisyon an ak militan anti-koripsyon yo te lanse pou mande yo manifeste pa bann e pa pakèt nan kad presyon k ap fèt pou fòse Prezidan Jovenel Moise kite pouvwa a. (Pòtoprens, Ayiti, le

Plizyè santèn manifestan te pwoteste atravè Peyi d Ayiti nan jounen lendi 30 septanm nan pou yo repon yon apèl opozisyon an ak militan anti-koripsyon yo te lanse pou mande pèp la pran lari epi monte marikad sou wout yo pou egzije demisyon Prezidan Jovenel Moise. Nan Pòtoprens, kapital la, ajan polis te ouvè koutzam sou manifestan ki t ap eseye boule yon pòs polis nan katye ki rele Kafou Ayewopò a, kote polisye yo blese yon jounalis. Manifestan yo rive mete dife nan yon machin polis.

Nan vil Okay, nan sid peyi a, manifestan mete dife nan yon biwo polis ki nan pati sid vil la. Moun yo piye biwo konpayi elektrik lokal la, ED’H. Nan Fò Libète, nan rejyon nòdès peyi a, plizyè santèn moun te okipe beton an byen bonè nan jounen lendi a. Kèk nan yo te gen rad degizman sou yo pandan yo t ap defile ak yon sèkèy ki te vlope ak twal blan; sèkèy la te genyen sou kote l yon kwa koulè nwa plis mo sa yo “Babay, Jovenel”…

Se regwoupman politik Tèt Ansanm pou Rebati Ayiti, ki rasanble divès òganizasyon nan opozisyon an, ki te lanse apèl pou l mande mobilizasyon an nan jou dimanch 29 septanm nan.

Avoka André Michel, lidè regwoupman politik "Sektè Demokratik e Popilè a" ki t ap bay yon konferans pou laprès nan Pòtoprens (Dimanch 29 septanm 2019).
Avoka André Michel, lidè regwoupman politik "Sektè Demokratik e Popilè a" ki t ap bay yon konferans pou laprès nan Pòtoprens (Dimanch 29 septanm 2019).

Lidè opozisyon André Michel te bay yon konferans pou laprès nan Pòtoprens nan menm jounen dimanch la. Misye Michel, yon avoka ki se youn nan lidè mouvman Sektè Demokratik e Popilè, deklare: “Jovenel Moise pa prezidan ankò; pèp la revoke li. Men pèp la dwe rete mobilize. Barikad yo dwe monte pi wo e mobilizasyon an dwe ranfòse tou jiskaske nou enstale yon gouvènman pwovizwa…” Pandan l t ap fè kòmantè sou yon mouvman pwotestasyon ki te dewoule vandredi e ki, daprè opozisoyn an, reprezante yon veritab siksè, Avoka Michel ajoute: “Nan dat 27 septanm 219 la, pèp la revoke Jovenel Moise kòm prezidan. Jovenel Moise se yon prezidan ki nan kache... li pa p dirije peyi a ankò…”

'Kote Jovenel Ye?'

Moun pa wè Prezidan Jovenel Moise depi li te parèt nan televizyon nan nuit 25 pou leve 26 septanm nan pou l te mete devan pèp la yon mesaj kote li chache kalme mekontman popilè a epi lonje yon branch olivye bay opozisyon an. Sa k pwovoke dènye seri pwotestasyon yo se desizyon lidè ayisyen an te pran, sa gen plis pase yon lane, pou l mete fen nan sibvansyonn gaz la, yon desizyon li te pran sou demand Fon Monetè Entènasyonal. Malgre Misye Moise te rantre desizyon an apre yon eksplozyon vyolans te pete nan peyi a, pèp la vin pa kontan ditou poutèt li montre li pa kapab fè ekonomi an mache ni mete fen nan koripsyon.

Jovenel Moise, Prezidan Repiblik d Ayiti (Foto Achiv).
Jovenel Moise, Prezidan Repiblik d Ayiti (Foto Achiv).

Olye de sa, Prezidan Jovenel Moise simaye yon gwo mekontantman pami lidè opozisyon an avèk militan yo e li pwovoke manifestasyon ki koze destriksyon ak vyolans ki pi malouk jiskela nan peyi a.

Lendi 30 septanm 2019 la, lè Radyo Magik 9 te mande Mackenson Cangé, konseye lidè ayisyen an, "ki kote Misye Moise ye?", li te reponn prezidan an toujou gen kontwòl peyi a e “l ap reflechi tankou yon bon antrenè.” Byen ta nan jounen dimanch la, Premye Minis pwovizwa a, Jean Michel Lapin, te pibliye divès dekrè kote li te anonse kèk nouvo nominasyon nan kabinè ministeryèl la. Pami depatman ki afekte yo genyen ministè finans, ministè plan ak kowoperasyon ekstèn, ministè ayisyen k ap viv aletranje, ak ministè tourism. Misye Lapin anonse remaniman ministeryèl sa a aprè otorite yo te fè kèk chanjman nan depatman enteryè ak depatman jistis e sekirite piblik.

--------------------------------------------------------------------------

Lyonel Desmarattes nan Washington, Sony Louis nan Leyogàn, Jaudelet Junior Saint-Vil nan Fò Libète ak Jean-Hernst Eliscar nan vil Okay te ofri enfòmasyon ki sèvi nan preparasyon repòtaj sa a.

XS
SM
MD
LG