Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Kanaval Nasyonal yo Anile Ofisyèlman nan Pòtoprens Akoz Pwoblèm Sekirite


Polisye kap manifeste yo pran abri dèyè yo mi pandan bal ap tire sou Channmas dimanch 23 fevriye 2020. REUTERS/Andres Martinez Casares - RC2L6F9PYSWC
Polisye kap manifeste yo pran abri dèyè yo mi pandan bal ap tire sou Channmas dimanch 23 fevriye 2020. REUTERS/Andres Martinez Casares - RC2L6F9PYSWC

Dapre yon kominike ki soti nan Ministè Kilti ak kominikasyon, gouvènman Lapin/Moise la deside anile kanaval la nan Pòtoprens pou evite sa yo rele, "yon ben de san pwograme."

Kanaval Nasyonal la ki te gen pou dewoule sou tèm: "Ann Pote Kole pou Ayiti Dekole" espesyalman nan Pòtoprens pa rive fèt akoz sèn vyolans ki te eklate sou Channmas dimanch 23 fevriye 2020 an ki te sipoze premye jou gra a.

Kriz anndan polis nasyonal la kote ajan yo ap mande dwa pou yo gen sendika vin rann li pi enposib pou kanaval la fèt. Anmenm tan tou, nan moman opozisyon politik la di yo pa anfavè kanaval nan moman peyi a anba yon vag vyolans ak yon fenomèn kidnaping plis ensikirite ak lamizè.

Kèk jou avan dat ofisyè kanaval 2020 yo, endividi moun pat rive idantifye te mete dife nan prèske tout stann ki te gen sou Channmas la. Malgre tou, otorite gouvènmantal yo te bay garanti kanaval la ap fèt kanmènm.

Stang ki te boule yo pat rive rekonstui e Chanmmas te tankou yon plas izole vandredi 21 fevriye a lè korespondan VOA Kreyòl Matiado Vilmé te vizite zòn nan. Polisye kap revandike pi bon kondisyon travay yo te fè konnen yo pap sekirize festivite yo si reponsab yo pa reponn ak revandikasyon yo.

Sitiyasyon an ta pral dejenre lè yon gwoup moun, pandan manifestasyon pou sipòte mouvman sendika polis la, te al eseye mete dife nan yon stang devan ministè defanns kote Lame Dayiti fè baz li sou Channmas. Dapre nouvèl yo, echanj kout zam te eklate ant polisye an sivil ak manm lame yo. Bilan, 2 mò, youn nan chak kan yo ak plizyè blese. Kout zam tap tire tribò babò sou Channmas la tou pre Palè Nasyonal la dimanch 23 fevriye a.

Kanaval yo anile tou nan Kap-Ayisyen kote ansyen pezidan Michel Martelly tap pare pou patisipe nan defile yo ak gwoup mizikal li a Sweet Micky. Okay, lapolis di li arete 2 nan sispèk ki mete dife nan yon cha. Nan Gonayiv pat gen siy ki montre ta pral gen kanaval e pat gen kanaval dimanch pase a.

Sepandan, nan Jacmel moun ki renmen danse kanaval pat gen difikilte pou te pran lari e patisipe ak gwoup mizikal ki te pwograme pou fè pakou yo nan dewoulman premye jou gra a.

XS
SM
MD
LG