Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Alatèt Mouvman Sendika PNH, Yannick Joseph Revoke; Otorite yo Di yo Pran Nòt de Revandikasyon Polisye yo


Ayiti: CSPN nan Pwononse l sou Revandikasyon Polisye yo Kap Reklame Meyè Kondisyon Travay
Ayiti: CSPN nan Pwononse l sou Revandikasyon Polisye yo Kap Reklame Meyè Kondisyon Travay

Ann Ayiti, premye minis gouvènman demisyonè a, Jean Michel Lapin, anonse yap travay pou satisfè demand polisye yo ap fè pou amelyore kondisyon travay yo. Chèf gouvènman an, ki t ap pale ak laprès, kondane konpòtman polisye ki tap manifeste, lendi 17 fevriye 2020 an, kote yap rekalme dwa pou genyen yon sendika nan enstitisyon an.

Mesye Lapin rann polisye yo responsab dife ki te mete nan plizyè stann kote kanaval nasyonal la pral pase pandan 3 jou. Responsab yo pwofite de rankont la pou di kanaval la ap dewoule nan dat ki fikse a 23, 24 ak 25 fevriye e ke yo pran dispozisyon pou rekonstwi stand yo.

Responsab yo anonse revokasyon 5 polisye pami yo Yanick Joseph ki se kowòdonatris sendika ajan PNH yo. Otorite yo repwoche polisye revoke yo dèske yo te gen yon konpòtman ki pa fè onè ak enstitisyon an.

Yannick Joseph, Ajan 2 nan Polis Nasyonal Ayiti, PNH, ki se te kowodonatè mouvman sendiak polis la.
Yannick Joseph, Ajan 2 nan Polis Nasyonal Ayiti, PNH, ki se te kowodonatè mouvman sendiak polis la.

Revokasyon 5 polisye yo, dapre otorite yo, pa gen rapò ak ensidan sou Channmas la e ak tire devan direksyon jeneral polis la, men pito ak konpòtman kèk polisye te genyen devan Enspeksyon Jeneral Poilis la, IGPNH , pandan yo tap odisyone polisye Yannick Joseph sou mousvman sendika.

DG Polis Ayiti a, Normil Rameau Konfime Revokasyon Polisye Yannick Joseph
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:37 0:00

Dapre sa otorite enspeksyon jeneral yo fè koprann, kèk polisye te sakaje lokal IGNH la e blese yon polisye ki atache nan biwo sila a.

XS
SM
MD
LG