Accessibility links

Breaking News

Asanble Jeneral LONU Sispann La Risi Kòm Manm Komisyon Dwa Moun nan


Sergiy Kyslytsya, Reprezantan Pemanan Ikren nan Nasyonzini pale pandan yon rankont Asanble Jeneral LONU an, Jedi 7 Avril 2022.
Sergiy Kyslytsya, Reprezantan Pemanan Ikren nan Nasyonzini pale pandan yon rankont Asanble Jeneral LONU an, Jedi 7 Avril 2022.

Asanble Jeneral Nasyonzini an vote pou sispann La Risi kòm manm komisyon dwa moun LONU an akoz akizasyon kom kwa solda ris yo komèt vyolasyon terib nan Ikrèn, ke Lèzetazini ak Ikrèn dekri tankou krim lagè.

La Risi tounen dezyèm peyi ke Konsèy Dwa Moun nan wetire nan oganizasyon an.

Vot Jedi a te 93-24 ak 58 abstansyon (peyi ki pa vote). Chif sa a bokou pi ba pase vòt sou 2 rezolisyon asanble a te adopte mwa pase a ki mande pou gen yon seselfe san pèdi tan nan Ikrèn, pou twoup yo pati kite peyi a epi pou pwoteje sivil yo.

Omwens 140 peyi manm te apwouve tou le 2 rezolisyon sa yo.

XS
SM
MD
LG