Accessibility links

Breaking News

La Chin Mande pou Louvri yon Ankèt sou Moun ki Mouri nan Bucha


Potpawol Minis Afe Etranje Chinwa a, Zhao Lijian pandan yon rankont ak lapres Mekredi 6 Avril, 2022 nan vil Peken.
Potpawol Minis Afe Etranje Chinwa a, Zhao Lijian pandan yon rankont ak lapres Mekredi 6 Avril, 2022 nan vil Peken.

La Chin deklare rapò ak imaj kadav sivil nan vil Ikrenyen ki rele Bucha a "boulvèsan anpil" men ke yo pa dwe blame pèsonn pou sa toutotan nou pa konn fè yo.

Pòt pawòl Ministe Afè Etranjè a di La Chin apiye tout inisyativ ak mezi "ki ka debouche sou yon soulajman kriz imanitè a" e li pare pou travay ak kominote entènasyonal la pou anpeche "sivil mouri ou blese."

Lanmò Bucha yo mete plis presyon sou Peken akoz pozisyon pwo-La Risi li adopte a ak tantativ lap fè pou'l enfliyanse opinyon piblik sou konfli a.

La Chin lanse apèl pou yon chita tande pandan li refize kritike La Risi pou envazyon an. Peken opoze sanksyon eknomik kont Moskou e li blame Washington ak LOTAN dèske se yomenm ki pwovoke lagè a.

XS
SM
MD
LG