Accessibility links

Breaking News

Etazini Enpoze Sanksyon Kont 2 Pitit Fi Putin


UKRAINE-CRISIS/RUSSIA-NATIONALIZATION
UKRAINE-CRISIS/RUSSIA-NATIONALIZATION

Prezidan ameriken Joe Biden anonse nouvo sanksyon Jodi merkredi-a sou pi gwo enstitisyon finansye nan Larisi ak sou kek sitwayen Ris ki lye ak Kremlen-an, pami yo 2 pitit fi Prezidan Vladimir Putin.

Biden enpoze nouvo sanksyon sa yo, yon fason pou fe plis presyon toujou sou Larisi ak lide ris-la limenm nan kad masak milite ris fe nan vil Bucha, sa pa gen lontan.

Etazini anonse sanksyon tou kont madanm ak pitit fi Minis Afe Etranje Sergei Lavrov. Desizyon administrasyon Joe Biden nan pran nan sans sa-a, se yon fason pou sere boulon ekonomi ris-la pi plis toujou, ki deja ap pran gwo frap anba pinisyon lap resevwa nan men peyi oksidantal yo.

Malgre tou, tout konsekans grav sa yo nan kad envazyon Larisi fe nan Ikrenn-nan, Prezidan Putin pa sanble li pare pou redwi kanpay brital li lanse sou Ikrenn-nan, kote li vize direkteman popilasyon sivil Ikren-nan. Sanksyon sa yo reprezante yon gwo kou pou pi gwo enstitisyon finansye nan Larisi Sberbank, san bliye pi gwo bank prive peyi-a, an palan de Alfa bank.

Mezi sa yo vize mete ekonomi peyi-a a jenou, paske yo pral enterdi tranzaksyon yo te konn fe ak tout enstitisyon finansye Etazini. Anplis desa, sanksyon yo bay Etazini posiblite pou jele lajan bank ris yo genyen sou teritwa ameriken-an.

Le administrasyon prezidan Joe Biden sible 2 pitit fi Prezidan Vladimir Putin, otorite ameriken yo espere jele lajan lide Ris-la ta ap sere anba non yo, dapre yon gwo responsab ameriken.

XS
SM
MD
LG