Accessibility links

Breaking News

Plizyè Moun ap Mande pou Pwochen Seri Sanksyon yo Vize Putin Pèsonèlman


Prezidan Ris la Vladimir Putin pwononse yon diskou nasyonal Lendi 21 Fevriye, 2022.
Prezidan Ris la Vladimir Putin pwononse yon diskou nasyonal Lendi 21 Fevriye, 2022.

Prensipal alye ak chèf etratejis lidè opozisyon Ris Alexei Navalni bat bravo pou nouvèl ki di kòm kwa Etazini taka enpoze sanksyon kont pitit fi Prezidan Vladimir Putin yo. Li di "konfidan pi enpotan" misye ta dwe resevwa sanksyon tou.

Leonid Volkov deklare Mèkredi li poko klè ki pwopriyete yo taka sezi pami pwopriyete pitit fi Putin genyen yo - men si yo enkli yo nan pwochen seri sanksyon yo sa ta voye yon mesaj enpòtan nan kad repons l'Oksidan fas ak envazyon Ris nan Ikren nan.

Jounal Wall Street Journal ak rezo Bloomberg site moun ki familye ak kestyon an ki rapòte Madi ke manm fanmi lide Ris la taka vize nan pwochen seri sanksyon kont La Risi.

"Se yon mezi enpòtan e senbolik ki montre nap vize Putin pèsonèlman e nou reyalize se yon gwo zafè e ke li responsab pèsonèlman pou lagè sanglan sa a depi nan kòmansman," Volkov deklare pandan rankont o somè endepandan vil Jenèv pou Dwa Moun ak Demokrasi.

XS
SM
MD
LG