Accessibility links

Breaking News

Lidè Ikrenyen an Pral Ranseye LONU sou Masak yo


Tetiana Rurak, yon vef ki gen 25 vizite tonnbo mari li ak pitit li nan vil Lviv, rejyon wes Ikren, Madi 5 Avril 2022.
Tetiana Rurak, yon vef ki gen 25 vizite tonnbo mari li ak pitit li nan vil Lviv, rejyon wes Ikren, Madi 5 Avril 2022.

Prezidan Ikrenyen an gen entansyon pale devan Konsèy Sekirite Nasyonzini an apre plis prèv parèt pou montre fos Ris yo masakre sivil anvan yo kite zon kapital la.

Peyi Oksidantal yo ekspilse plizyè diplomat Ris e yo pwopoze plis sanksyon toujou nan kad jefo kap fèt pou pini La Risi pou sa yo dekri tankou krim lagè.

Diskou Prezidan Volodymyr Zelenskyy devan Konsèy Sekirite a Madi pral chaje ak senbolism, men envitasyon an ak apwi l'Oksidan pa gen anpil chans pou yo chanje sityasyon an nan peyi a.

Chef LOTAN lanse avètisman pou di La Risi ap rewoupe twoup li yo pou li ka deplwaye yo nan ès ak sid Ikrèn pou yon "faz krisyal lagè a."

Inyon Ewopeyen an pwopoze nouvo sanksyon ki vize endistri enèji Ris la ki vo anpil lajan.

XS
SM
MD
LG