Accessibility links

Breaking News

Lafrans ak Almay Anonse lendi Ekspilsyon Plizyè Diplomat Ris


Russia Britain
Russia Britain

Lafrans ak Almay anonse lendi ekspilsyon plizyè diplomat ris apre dekouvèt pandan wikenn nan, sa yo dekri tankou yon masak ke yo kwè ke sòlda Ris yo komèt nan Ikrèn, alòske l'Oksidan vle anonse "semèn sa a" nouvo sanksyon ekonomik kont Larisi.

Almay anonse ekspilsyon 40 diplomat Ris ki estasyone nan Bèlen.

Minis Zafè Etranje Alman an, Annalena Baerbock, te ensiste pou ke anplwaye sa yo ki nan anbasad Ris ta reprezante "yon menas pou moun ki ap kouri vin chache pwoteksyon nan peyi Almay".

Larisi te reyaji li te di ke ekspilsyon sila pral "deteryore" relasyon peyi Almay ak Moskou.

Lafrans pral mete deyò 35 diplomat Ris "dapre deklarasyon Ministè Afè Etranjè fransè a.

"Aksyon sa a se yon pati nan yon apwòch peyi Ewopeyen yo", dapre yon nòt pou laprès ke Afè Etranjè fransè a te bay.

XS
SM
MD
LG