Accessibility links

Breaking News
Azi

Anvwaye Japonè Pi Wo Plase a Mennen 20 Ikrenyen Tounen Tokyo Avè'l Apre yon Vizit nan Polòy


Refije Ikrenyen mache apre yo sot debake nan ayewopo Haneda nan Tokyo soti Poloy, 5 Avril 2022.
Refije Ikrenyen mache apre yo sot debake nan ayewopo Haneda nan Tokyo soti Poloy, 5 Avril 2022.

Minis Afè Etranjè Japonè a Yoshimasa Hayashi retounen nan peyi'l Madi a apre li sot pase yon tan nan Polòy. Minis la tounen Japon ak 20 refije Ikrenyen ki oblije kite kay yo akoz lagè La Risi ap mennen nan peyi yo.

Tokyo ap eseye jwe yon pi gwo wòl nan apwi entènasyonal pou Ikrèn. Pandan 3 jou li te pase Polòy, Hayshi tevizite yon abri pou refije Ikrenyen yo nan Vasovi e li te pale ak responsab Polonè yo, òganizasyon imanitè entènasyonal yo ak gwoup sivik pou detèmine ki kalite asistans Japon ka ofri.

Japon gen yon politik refije ki sevè anpil. Of li fè pou aksepte Ikrenyen lakay li se yon eksepsyon.

Sepandan, gouvènman an pran anpil prekosyon pou'l dekri moun sa yo tankou moun yo evakye, e li poko klè si sityasyon Ikrenyen sa yo pral pouse'l pou'l chanje politik imigrasyon li.

XS
SM
MD
LG