Accessibility links

Breaking News

La Risi ap Fè Fas ak Kondanasyon Global Poutèt Kadav nan Lari Ikrèn


Tanya Nedashkivs'ka, 57, kriye akoz lanmo mari li ki mouri nan Bucha, tou pre Kyev, Ikren, Lendi 4 Avril 2022.
Tanya Nedashkivs'ka, 57, kriye akoz lanmo mari li ki mouri nan Bucha, tou pre Kyev, Ikren, Lendi 4 Avril 2022.

La Risi ap fè fas ak yon nouvo vag kondanasyon apre prèv soti ki montre sak sanble asasina ekspre sivil nan Ikrèn.

Alye Ewopeyen yo inifye nan kolè yo men yo pa antann yo sou kijan yo ta dwe reponn.

La Poloy blame Frans ak Almay poutèt yo pa pran mezi sevè kont La Risi e li ankouraje l'Ewop kouri vit prese pou'l sispann depann sou enèji RIs la.

Bèlen di li pral pran yon apwoch a lon-tèm.

Prezidan Etazini Joe Biden dekri sityasyon an tankou krim lagè men pa jenosid e li pwomèt pou'l enpoze plis sanksyon.

Responsab Ikrenyen yo di yo jwenn kadav 410 sivil nan vil ki sitye ozalantou kapital la ke yo rive re-kaptire nan men Fos Ris yo pandan jou ki pase yo.

XS
SM
MD
LG