Accessibility links

Breaking News

Diskisyon sou yon nouvo seri sanksyon kont LaRisi


Russia Ukraine War
Russia Ukraine War

Inyon Ewòp la fè konnen jodi lendi a li pwal fè diskisyon sou yon nouvo seri sanksyon kont LaRisi, apre nouvèl ki pale de zak atwosite ki fèt nan kèk bouk nan Ikrèn ke fòs ris yo te okipe.

Chef politik afè etranjè Josep Borrell di nan yon kominike ke Inyon an "pwal vanse ann ijans pou pale sou plis sanksyon kont LaRisi."

Deklarasyon Borell la fè konnen Inyon Ewòp la pwal ofri asistans pou avoka akizasyon nan Ikrèn k ap kolekte e prezève "prèv sou krim lagè."

Inyon an pwal sipòte tou ankèt sou krim lagè ke Tribinal Kriminèl Entènasyonal la ak komisè Nasyon Zini sou Dwa Moun nan pwal mennen, dapre sa deklarasyon an fè konnen.

XS
SM
MD
LG