Accessibility links

Breaking News

LONU Pral Vote Jedi sou Sispansyon La Risi nan Konsey Dwa Moun nan


Foto Achiv: Senbol Nasyonzini devan bilding sekretarya a, nan Nouyo, 28 Fevriye 2022.
Foto Achiv: Senbol Nasyonzini devan bilding sekretarya a, nan Nouyo, 28 Fevriye 2022.

Asanble Jeneral Nasyonzini an pral vote Jedi sou kestyon pou konnen si yo ta dwe sispann La Risi kòm manm Komisyon Dwa Moun LONU an.

Se Etazini ki te mande pou fè sa, apre dekouvèt plizyè santèn kadav sivil Ikrenyen apre twoup Ris yo te pati kite vil ozalantou kapital la Kyèv. Gen apèl toupatou nan mond lan pou mennen pwosè kont Prezidan Ris la pou krim lagè.

Pòt pawòl Asanble Jeneral la, Paulina Kubiak deklare Mèkredi asanble a pral rankontre pou vote sou rezolisyon pou sispann La Risi a 10è EDT Jedi.

Pou apwouve rezolisyon an fòk yon majorite 2/3 manm asanble a vote wi oubyen non.

XS
SM
MD
LG