Accessibility links

Breaking News

Ajan Pi Koronpi DEA: Fèt, Sèks ak yon Gè ki Enposib pou Genyen


Foto sa a ke Jose Irizarry pataje ak Associated Press montre misye nan Cartagena, Kolonbi an 2017.

Joze Irizarry aksepte ke moun konnen li kòm ajan pi koronpi nan listwa Administrasyon Ranfòsman Dwòg Etazini an, DEA. Li admet ke li te tounnen "yon lòt kalite neg" le li te fe konplo ak katel dwòg Kolonbyen yo epi mennen yon stil lavi deliks kote li tap kondwi machin spò ki koute che, achte bijou kay bijoutye Tiffany epi antre ann afe ak fanm toupatou nan mond lan.

Men misye sevi ak denye he libete li pou'l rakontre Associated Press istwa li. Misye di li papral pran prizon poukont li e li akize kek pami koleg li yo nan DEA ke li te fe konfyans deske yo te vole plizye milyon dola lajan dwòg ke yo te sezi pandan operasyon anti dwòg pou finanse plizye dizen ane vi boujwa kote yo te vwayaje lòt bò dlo, manje nan restoran chik, achte pi bon piye pou match spotiv yo epi oganize fet kote tout kalite dezòd te fet.

Irizarry di plizye douzen lòt ajan federal, avoka gouvenman, enfòman e pa fwa kontrebandye katel yo te patisipe nan yon operasyon ki fèt sou 3 kontinan kote yo pran lezi yo. Yo te bay operasyon an non "Team America" (Ekip Etazini) e yo te chwazi vil kote yo te ka fè blanchiman lajan epitou pran plezi yo le plis posib pandan yo tap asiste match foutbol Real Madrid oubyen match tenis Rafael Nadal.

Ladann te gen sal VIP nan Karayib la kote medam danse toutouni. Nan Amsterdam yo te desann nan katye pwostitisyon an. Epitou yo te fete abò yon yatch Kolonbyen ki te chaje ak alkol ak plis pase yon douzèn jamè dodo.

Irizarry, 48 an di AP: "Nou te gen akse lib pou fè tout sa nou te vle. Nou te kreye plan pou al ranmase lajan nan vil kote nou te vle vwayaje. E lè nou rive sete yon koze bwè tafya ak kouche ak fanm."

Dapre misye brigandaj sa a te gen rasin ni nan reyalizasyon pami ajan DEA yo toupatou nan mond lan ke pat gen anyen yo te ka fè pou stope trafik dwòg la. Yo te gen yon ti kras preokipasyon sèlman pa rapò ak jwenn ase prèv pou akize trafikan yo ofisyèlman oubyen stope sikilasyon ilegal kokayin ak opyoid Ozetazini ki lakoz plis pase 100,000 moun pèdi lavi yo chak ane.

Irizarry di: "Ou paka genyen yon lagè ki enposib pou ranpòte. DEA konn sa e ajan yo konn sa. Gen yon pakèt dwòg kap antre soti Kolonbi. E gen yon pakèt lajan. Nou konnen nou pa fè okenn diferans."

Li ajoute: "Lagè kont dwòg la se yon jwèt...Se yon jwèt ki trèz amizan ke nou tout tap jwe."

Istwa Irizarry a ke kèk pami ansyen kolèg li yo atake kom film kap fèt pou redwi santans li, fèt pandan plizyè jou entevyou kote misye te kriye, li te anmè, e li te prezante ekskiz li tou. Entevyou a fèt nan katye istorik vil San Juan nan, kote ajan an pran nesans.

XS
SM
MD
LG