Accessibility links

Breaking News

Yon Jij Meksiken Bloke Ekstradisyon Trafikan Dwog Quintero Ozetazini


Nan foto sa a ke Sekrete la Marin peyi Meksik pibliye, 2 ajan akonpaye trafikan dwog Rafael Caro Quintero, Vandredi 15 Jiye 2022, nan eta Sinaloa, Meksik.
Nan foto sa a ke Sekrete la Marin peyi Meksik pibliye, 2 ajan akonpaye trafikan dwog Rafael Caro Quintero, Vandredi 15 Jiye 2022, nan eta Sinaloa, Meksik.

Meksik pap ekstrade tou swit Ozetazini, trafikan dwog Rafael Caro Quintero, ke la jistis te mete anba kod Vandredi nan nodwes Meksik. Yo akize misye nan toupizi ak asasina yon ajan DEA (Drug Enforcement Agency - ajans anti dwog Etazini) an 1985.

Yon tribinal pase lod Lendi pou yo pa ekstrade misye. Jij meksiken an akode sa yo rele yon "amparo al capo" pou anpeche ekspilsyon li jiskaske pwosesis ekstradisyon an konple, e li determine Quintero dwe rete kote li ye kounyea, nan yon prizon sekirite maksimom ki sitye a lwes kapital Meksiken nan.

Apre arestasyon an, Lezetazini te anonse li tapral mande "ekstradisyon san peditan" misye. Samdi pwosesis legal la te tanmen, men avoka Caro Quintero yo te ale ann apel pou eseye ranvwaye tranfe a.

Yon lot kote, Prezidan Meksiken an Andres Manuel Lopez Obrador konfime Lendi, la jistis mete anba kod youn nan kriminel FBI te pi vle jwenn yo, gras ak travay sevis ranseyman Meksiken an. Prezidan an di sa montre Meksik pa pwoteje kriminel yo anko.

XS
SM
MD
LG