Accessibility links

Breaking News

Meksik Mete Anba Kòd Bawon Dwòg Notwa Rafael Caro Quintero


Foto Achiv: Imaj FBI pibliye montre yon avi rechech pou Rafael Caro-Quintero, bwon dwog ki te konplote asasina yon ajan DEA Ameriken an 1985.
Foto Achiv: Imaj FBI pibliye montre yon avi rechech pou Rafael Caro-Quintero, bwon dwog ki te konplote asasina yon ajan DEA Ameriken an 1985.

Bawon Dwòg notwa Rafael Caro Quintero, ki te konplote asasina yon ajan DEA Ameriken an 1985, anba kòd nan peyi Meksik, preske 10 zan apre li te pati kite prizon kote li te femen an epi reprann biznis trafik dwòg li a.

Fòs naval Meksiken an di yo bare misye nan eta Sinaloa Vandredi.

Otorite yo di pi ta yo mete'l anba kòd epi yo pral ekstrade'l Ozetazini.

Caro Quintero te chape poul li an 2013 apre li te pase 28 an nan prizon le yon tribinal te ranvese santans 40 an li an pou kidnaping ak asasina ajan DEA Enrique "Kiki" Camarena.

Asasina brital la te make yon move peryòd nan relasyon ant Meksik ak Etazini.

Ansyen lide katel Guadalajara a te reprann biznis trafik dwòg li a epi deklanche batay sanglan pou teritwa nan nò Meksik nan eta Sonora apre sa.

XS
SM
MD
LG