Accessibility links

Breaking News

Premye Minis Zil Vyèj Britanik Deklare li Gen Iminite nan Pwosè Trafik Kokayin nan

Foto sa a ke Depatman Enfomasyon ak Relasyon Piblik gouvenman Zil Vyej Britanik yo pibliye montre Premye Minis Alturo Fahie. Fahie ak direkte po teritwa Karayib sa a te sipoze paret devan tribinal nan Miami Vandrei 29 Avril, 2022.

Premye minis Zil Vyèj Britanik yo mande pou Etazini lage li san pèdi tan, e li deklare li gen egzanpsyon kont akizasyon legal an koneksyon ak trafik kokayin paske li se yon responsab eli, ak dirijan konstitisyonèl gouvènman Britanik outremè a.

Andrew Fahie jwenn arestasyon ni semèn pase a nan yon operasyon ajans anti-dwog Ameriken an DEA (Drug Enforcement Administration)te mennen kote yo mete'l anba kod nan moman li tap pare pou'l monte nan yon avyon prive pou'l al Miami.

Chok arestasyon sa a pwovoke te vekse Zile Britanik yo e sanble kore apèl pou sispann konstitisyon an pandan 2 zan pou netwaye gouvènman lokal la.

Dokiman legal avoka Fahie a prezante bay tribinal Ozetazini Lendi pat bay detay sou reklamasyon kliyan li fè pou iminite.

XS
SM
MD
LG