Accessibility links

Breaking News

Arestasyon Premye Minis Zil Vyèj Britanik yo pou Trafik Kokayin, dapre DEA

Foto sa a ke Depatman Enfomasyon ak Relasyon Piblik gouvenman Zil Vyej Britanik yo pibliye montre Premye Minis Alturo Fahie. Fahie ak direkte po teritwa Karayib sa a te sipoze paret devan tribinal nan Miami Vandrei 29 Avril, 2022.

Lapolis arete Premye Minis Zil Vyèj Britanik yo, Andrew Fahie, ki gen 51 lane, nan Miami jedi 28 avril la pou swadizan blanchiman lajan ak konplo pou l enpòte kokayin, dapre yon plent Ajans Ameriken ki Jere Zafè Dwòg (DEA) ke ajans nouvèl Reuters revise.

Fahie tonbe anba men lapolis nan eyewopò Miami an ansanm avèk direktè-manager Administrasyon Teritwa Britanik Lòtbò Dlo yo, dapre plent la ki site yon depozisyon manch long yon temwen konfidansyèl ta fè.

DEA di nan plent li a Fahie dakò pou l kite enfòmatè a –ki te fè tèt li pase pou yon manm katèl dwòg Sinaloa o Meksik- itilize pò Zil Vyèj Britanik yo pou l transpòte kokayin; pou sa li t ap touche 500 mil dola

Premye otorite ki anonse arestasyon Andrew Fahie a se gouvènè zile yo, John Rankin.

XS
SM
MD
LG