Accessibility links

Breaking News

Majistra Komunal Franse Yo Ofri Solusyon Pou Pwoblèm Kap Trakase Tokay Ayisyen yo


<!-- IMAGE -->


Yon group chèf gouvènman lokal ayisyen an sot boukante lide an Frans sou fason yo kapab devlope kominote yo pandan travo rekonstruksyon peyi a.

Se inisyativ yon gwoup resòtisan ayisyen kap viv an Frans ak lidè unyon an, pastè Jean-Chavannes Jeune.

Yon delegasyon majistra komunal ki te soti Ayiti patisipe nan yon konferans majistra il de Frans yo te òganize semèn pase a nan vil Paris.

Objektif rankont la sete pou brase lide sou rekonstruksyon peyi a, ansuit devlope yon patenarya ant meri la Frans ak meri peyi d'Ayiti.

Majistra komun Chantal ki te fè pati delegasyon an pote plis presizyon sou rankont la.

"Sete vrèman yon bèl okazyon kote'n te gen chans pou nou te kapab prezante pwoblèm komun yo, sitou avèk moun yo ki deplase -- ki soti Pòtoprens yo ki vini -- donk nou te prezante pwoblèm komun yo," majistra a eksplike. "Konsa nou te gen kèk pwojè tou, nou te mache avèk yo, donk nou te tou pwofite okazyon sa a pou nou te prezante pwoblèm yo."

Misye di yo espere fè jumlaj ak majistra komun fanse yo kote yo kapab vinn vizite yo Anayiti.

3 majistra ki te fè pati delegasyon an te benefisye yon chèk de $92,000 Euro pou egzekute kèk ti pwojè nan komun yo.

Pandansetan yon lot gwoup majistra komunal ap genyen pou kite peyi d'Ayiti 26 Me kap vini la a pou al patisipe nan yon lot konferans konsa ki pral dewoule nan vil Pari.

XS
SM
MD
LG