Accessibility links

Breaking News

Jacmel: Pwofesè, Elèv Denonse Move Kondisyon Fonksyonman Lekòl Yo


<!-- IMAGE -->


Pwofesè ak elèv nan vil Jacmel (depatman Sidès peyi Dayiti) denonse move kondisyon fonksyonman lekòl yo, anba prela. Yo mande ministè edukasyon nasyonal tant ki apwopriye pou anpeche chalè touye timoun yo.

Pwofesè nan rejyon Sidès la denonse kondisyon difisil kote y'ap travay depi reouvèti lekòl la. Sèten lekòl ap fonksyone anba prela kap degaje chalè e ki anpeche kou yo fèt byen. Pwofesè yo di tou yo pa touche e yo mande Ministè Edikasyon Nasyonal respekte pwomès li te fè yo.

"Yo mete prela a yo twò (ba) pre tèt timoun yo... e se anplastik li fèt. Lè li resevwa chalè solèy la, li kondanse chalè sa e li pwojte'l sou timoun yo," youn nan pwofesè yo eksplike. "Li ba yo plis chalè pase si yo te anndan yon kay."

Yon lòt kote, depi plizyè jou, direksyon lekòl yo ap voye elèv tounen pou lajan. Anpil elèv abandone klas yo akòz paran yo pa gen lajan pou peye ekolaj yo. Elèv yo lanse apèl bay leta ak ONG yo (òganizasyon non-gouvènmantal yo) pou yo sibvansyone rès ane lekòl la pou yo.

NB: Sou ralonj ji anwo, adwat paj sa a, Eveline Adonis genyen yon repòtaj sou tèm sa a.

XS
SM
MD
LG