Accessibility links

Breaking News

P.J. Patterson Rankontre Manm OEA Ak Manm NOAH Nan Washington


<!-- IMAGE -->

Ansyen premye minis Jamayik la, PJ Paterson --reprezantan CARICOM (Communauté De la Caraïbe) nan komisyon rekonstriksyon Ayiti a -- twouve l' isit Washington, DC kote lap patisipe nan yon gwo rankont ak Konsèy Pèmanan Òganizasyon Eta Ameriken yo (OEA), NOAH (Òganizasyon Nasyonal pou Pwogrè Ayisyen) te òganize.

Eric Walcott, Direkte Egzekitif NOAH eksplike: "NOAH pran inisyativ pou l' envite misye vin pale avèk nou pou di nou vrèman ki sa ki plan an, ki mwayen CARICOM ap deplwaye pou l' patisipe nan efò rekonstriksyon an".

"Vrèman[vre] misye fè nou konprann ke CARICOM se yon patnè Ayiti e li la, sètenman, pou li komplemante, sipòte tout èd gouvènman pèp ayisyen an di li bezwen. Misye di li la pou'l asire enterè pèp ayisyen an pwoteje."

Dapre Walcott, yo gen entansyon òganize yon lòt reyinyon 12 jen kap vini an pou diskite sou kijan rejyon karayib la kapab kole tèt ansanm pou ede Ayiti pi plis.

XS
SM
MD
LG