Accessibility links

Breaking News

Ayiti - Nouvèl Òleyan: Echanj Kiltirèl Entè-Skolè Sou Entènèt


<!-- IMAGE -->


"Cours Privés Edmé", yon lekòl nan Pòtoprens, nan tèt-kole ak SCI Academy, yon lekòl nan vil Nouvèl Òleyan, Eta Louizyàn, Etazini, sot reyalize yon atelye 5 jou sou Ar ak Lakilti. Timoun nan 2 lekòl sa yo rive wè youn lòt e kominike gras ak video-kamera ki branche sou òdinatè e ki konekte ak rezo intènèt la. Inisyativ sa a rive reyalize gras ak Aspen Writers Foundation, yon òganizasyon prive ki baze nan Eta Colorado, Etazini.

<!-- IMAGE -->

Lokal "Cours Privés Edmé" a kraze pandan tranbleman de tè a. Aktivite yo fèt anplennè e anba tant. Direktris ekzekitif Aspen Writer, Lisa Consiglio, ki prezante Lavwadlamerik pwojè a ak objektif atelye 5 jou sa a, deklare: «pwojè sa a ki rele “ Story Swap” (boukantaj istwa) ekziste nan Eta Colarado depi 3 zan. Nou te chwazi Ayiti ak Nouvèl Òleyan pou n’ fè premye eksperyans entènasyonal nou, paske 2 peyi sa yo gen denominatè komen. Katastwòf natirèl tankou tranbleman de tè ak siklòn te frape yo. »

Aspen Writers varye aktivite yo nan atelye 5 jou sa a sou boukantaj ar ak istwa. Yo debat plizyè tèm tankou leadership, espwa ak rekonstriksyon.

Direktris pwojè a presize: «gerizon mantal ti ayisyen yo se pa sèl objektif atelye sa a ki se yon echanj entè-kiltirèl. Nou gwoupe timoun yo pa 2. Yon timoun ann Ayiti chwazi yon timoun nan Nouvèl Òleyan. Youn tande istwa lòt. Apre sa, youn ekri istwa lòt.»

Timoun yo fè desen ak travay manyèl ki pèmèt youn aprann kilti lòt. Malgre distans ki separe 2 lekòl yo, ti moun yo rive wè youn lòt gras ak kamera-video ki branche nan yon òdinatè konekte sou entènèt. Lisa Consiglio di li swete kontinye eksperyans sa a avèk lòt lekòl ki te viktim tranbleman de tè a nan peyi Dayiti.

XS
SM
MD
LG