Accessibility links

Breaking News

Meksik Akeyi Plis Pase 200 Ayisyen Nan Kad Yon Pwogram Reyinifikasyon  Familial


Gouvènman meksiken an deside akeyi sou teritwa li dimanch 25 avril la, plis pase 200 ayisyen nan kad yon pwogram reyinifikasyon familial ki lye ak tranblemann'tè 12 janvye a.

Anbasad peyi Meksik nan kapital ayisyèn nan, Pòtoprens, fè konnen ke gen yon gwoup 250 ayisyen ki rete Dimanch nan Veracruz abò yon bato ke lame meksikèn te mete aladispozisyon yo. Moun sa yo pral viv ak fanmi yo nan Meksik pandan 1 an, nan kad yon jès umanitè gouvènman meksiken an vizavi peyi Dayiti apre tranblemann'tè 12 janvye a.

Konsil Meksik la nan Pòtoprens fè konnen "pwogram" sa a ap bout 30 Avril kap vini la a, e li di gen 350 ayisyen ki deja Meksik nan kad pwogram sa a.


XS
SM
MD
LG