Accessibility links

Breaking News

Lajistis Ayisyen Deside Kenbe Misyonè Laura Silsby Nan Prizon


<!-- IMAGE -->


Lajistis nan peyi Dayiti pran desizyon kenbe misyonè amerikèn Laura Silsby, yon desizyon ki byen kapab debouche sou yon pwosè.

Laura Silsby te alatèt yon gwoup misyonè ameriken ki te antre nan peyi a anviwon 2 semèn apre tranbleman de tè 12 janvye a, pou yo te vin sove yon gwoup timoun ki te swadizan òfelen, pou mennen yo nan Repiblik Dominikèn.

Se sou fwontyè Ayiti ak Repiblik Dominikèn ke otorite polis Ayiti te arete misyonè sa yo, pandan yo te akonpaye gwoup ti moun sa yo (plis pase 30).

Lajistis ayisyèn ta pral sezi dosye a epi, apre sa, akize misyonè ameriken yo kòm moun ki t'ap eseye kidnape timoun ayisyen ki gen fanmi -- kòmkwa, yo ta vòlè timoun sa yo.

Laura Silsby avèk misyonè ki te avè l' yo, (8 gason ak 2 fi) te pase yon tan nan prizon apre otorite ayisyèn yo akize yo pou kidnapping. Avoka ayisyen te defann yo e yo te rive, nan yon premye tan, jwenn liberasyon 8 misyonè ki te avèk Silsby -- 2 te rete nan prizon, anpalan de Laura Silsby li-menm, avèk Charissa Coulter. Charissa te jwenn liberasyon li gen anviwon yon mwa de sa, paske otorite yo te wetire tout chaj yo te genyen kont li.

Sepandan, jij ayisyen ki sou dosye a, dapre ankèt li te mennen, di Laura Silsby, ki te nan tèt gwoup misyonè sa yo, te antre ilegalman nan peyi a pou li te mennen yon operasyon. Malgre yo wetire kont li e kont lòt misyonè yo akizasyon anlèvman timoun ak akizasyon "asosyasyon ak moun k'ap komèt move zak", jij la kenbe kont Madam Silsby yon lòt akizasyon: antre ilegal nan peyi Dayiti.

Selon youn nan avoka li yo, se posib pou òdonans jij ki sòti a pral mande pou yo kenbe Laura Silsby ankò nan prizon, e desizyon sa a kapab debouche sou yon pwosè.

Si ou ta renmen koute repòtaj korespondan nou Clarens Renois ak reyaksyon avoka Aviol Fleurant, ki reprezante akize a, tcheke ralonj ki anwo, adwat paj la.




XS
SM
MD
LG