Accessibility links

Breaking News

Minis Edikasyon Nasyonal la Mande Yon Kanpe Nan Manifestasyon Elèv Lise Yo


Minis edikayson nasyonal Ayiti a, Joël Desrosiers Jean-Pierre, mande elèv lise yo fè yon kanpe sou manifestasyon y'ap fè pou reklame lokal etablisman skolè yo moun sanzabri okipe depi tranblemann'tè 12 janvye a.

Minis Desrosiers Jean-Pierre lanse apèl bay elèv lise ak lòt elèv kap manifeste pou mande gouvènman an degèpi moun ki okipe lekòl yo pou ane eskolè a kapab redemare nan etablisman yo. Minis la fè konnen gouvènman an ak mèri yo ap travay seryezman sou dosye sa a ki, daprè li, pa fasil ditou.

Responsab yo ap negosye avèk sanzabri yo pou fè yo konnen li nesesè pou y'al rete lòt kote pou pèmèt aktivite lekòl la reprann nan plizyè etablisman kote ane eskòlè a poko kòmanse nan kapital la, Pòtoprens.

"Nap mande jèn kap reklame sal de klas yo pou yo fè prèv konpreyansyon; nou an diskisyon avè yo... gen efò, gen demach kap fèt ", deklarasyon Minis Desrosiers Jean-Pierre.

Minis Edikasyon Nasyonal la swete elèv yo va fè yon ti kanpe sou manifestasyon yo ann atandan responsab yo jwenn yon solisyon avèk moun ki okipe lise Toussaint Louverture ak plizyè lòt lekòl nan kapital la.

XS
SM
MD
LG