Accessibility links

Breaking News

Yon Jefo Teknoloji Pèfeksyone Pèmèt Reskape Pale ak Fanmi yo Anayiti



Snyder, yon ti bebe ki gen 3 zan se yon timoun ki gen kè kontan e si'w pa konnen istwa li wa konprann li tankou nempot ki lot timoun nan zon nan. Sepandan ozalantou buus li, ti Snyder gen yon sentu an plastik blan du ke li oblije mete chak jou depi yon operasyon li te subi e ki te dure plizyè hèd tan nan lopital pou timoun Miami a apre li te kase do li nan tranbleman de tè 12 Janvye a. Snyder te blese lè yon blok diman te tonbe sou kabann koute li te kouche a lakay li.

Jodi 7 Avril la, Snyder ap jwe epi lap ri ak 2 nèg byen muskle ki fèk sot fè'l kado yon kepi ak yon balon. Li konsidere mesye sa yo tankou nouvo zanmi ; lap voye balon avek yo. Sa'l pa reyalize sè ke mesye sa yo se jwè defans ekip futbol Ameriken Miami Dolphins - yo se gwo vedèt spo - an palan de Jason Ferguson ak Reggie Torbor.

Bo kote Snyder, gen manman ni, Clothilde Derosier, 25 an, ki rekonesant pou kado yo epi kontan a mo li gen opotunite wè epi pale ak manm fanmi li kite dèyè Anayiti nan mwad Fevriye a. Se nan mwa sa a mamzèl te pran avyon pou'l al Miami kote pitit li tapral subi yon operasyon pou sove lavi'l. Devan Clothilde nou wè yon kokenn chenn ekran televizyon ak yon kamera videyo wot definisyon ki pèmèt li wè papa'l, frè li, tonton'l, sè li ak manman ni. Tout moun ap souri e yo sanble gen otan kè sote pou konnen kijan Clothilde ap viv Ozetazuni ke limenm li genyen pou kondisyon lavi yo nan peyi d'Ayiti.

Reyunyon Clothilde ak manm fanmi ni yo, se youn' pami plizyè rankont konsa ki pral dewoule semèm sa a, gras ak jefo Fondasyon Miami Dolphins la lanse ansanm ak Enstitu Global Univèsite Miami a epi Pwojè Medishare pou Ayiti. Direktè egzekutif pwojè a, David Saltz, ki se yon anplwaye chèn televizyon Ameriken ABC, di lap travay sou pwojè sa a depi komansman ane a e li kontan a mo dèske li rive akonpli plis pase sa li te janm espere.

"Jodia lè Jason Ferguson ak Reggie, 2 manm ekip Miami Dolphins la te vinn bay ti gason 3 zan sa a yon balon futbol, ou konnen se yon bagay ki chanje lavi li. Se yon bagay ki touche'l yon fason nou kapab pa janm konnen," misye Saltz deklare. " Li [Snyder] te kontan a mo, li te gen kepi li nan tèt li e gwo vedèt spo tap siyen kado yo remèt ba li - yo se de gwo pèsonaj Ameriken -- se yon bagay ki touche'l pwofondeman."

Teknoloji yo sèvi pou reyuni fanmi Ayisyèn yo se yon teknoloji konpayi Cisco te devlope pou ede doktè diyagnostike epi kominike ak pasyan yo atravè distans ki long. Se konsa reskape yo chita nan yon sal nan legliz Notre Dame d'Haiti nan kè katye ki rele Little Haiti, pandanke manm fanmi yo reyuni nan yon sal ki ekip menm jan an nan yo lopital Pwojè Medishare tabli sou yon baz ayeryèn nan Potoprens.

Pandan konvèsasyon li an, ki dure plis pase 20 minut, Clothilde Derosier ap diskite sou sityasyon lot pitit gason ni, Youri, ke'l kite dèyè. (Yon moun nan vwazinaj la tap pran swen'l nan moman tranbleman de tè a frape a.) Mamzèl di li santi'l soulaje kounyea ke li gen chans wè epi pale ak fanmi ni.

Fanmi Clothilde te ankouraje li rete Ozetazuni, etudye e ranpote siksè -- frèl sugjere pou'l etudye pou'l vinn enfimyè.

"Ayiti se pa yon peyi kote ou kapab pwospere epi gen kalite libète ou genyen Ozetazuni," direktè egzekutif pwojè a David Saltz fè remake. " Le fèt ke'n jwenn mwayen pou'n louvri pot la mwen kwè se yon bèl bagay e nou gen entansyon kontinye pwojè sa a. Se yon eksperyans remakab ki anplwaye teknoloji sa a ak yon bèl kapasite pou'n atenn bagay konsa. Le mond kounyea finn tounen yon kote ke se bagay negatif sèlman wap tande tout tan kitse move nouvèl kitse dezas tankou sak pase Anayiti a oubyen bagay ki pa gen okenn enpotans tankou nouvèl sou selebrite yo oubyen relasyon entim yo -- men pwojè sa a se yon bagay ki trè pozitif."

Jwè defansiv Miami Dolphins Jason Ferguson (nimewo 95) di sa te touche'l anpil pou'l patisipe nan reyunyon sa a.

"Sete yon bèl bagay a mo pou wè fanmi yo ansanm konsa epi ou konnen yo pat wè depi lontan - epi sanzatann yo te gen opotunite pou yo wè epi koze youn ak lot, mwen kwè se yon bagay ki bèl anpil e lèm chita bo kote yo pou suiv dewoulman konvèsasyon an sa te vrèman touche'm."

Jwè defans Reggie Torbor (nimewo 53) dako ak sa ko ekipye li, Ferguson di e li ajoute eksperyans sa a pèmèt li gen yon pèspektiv ki diferan ak pwoblèm li konn ap konfonte nan lavi kotidyèn ni antanke vedèt futbol Ameriken.

"Se yon bagay ki banmwen plis umilite. Nan lavi kotidyèn nou nou epaye de anpil bagay -- ou gen pwoblèm ak bagay konsa kew oblije eseye rezoud men lè ou vinn isit la epi ou wè kijan mamzèl [Clothilde] paka jwenn pitit li a ki gen un an sèlman e li pa wè fanmi ni ak bagay konsa, sa touche kè'w. Men moun sa yo kontan, yo rekonesan pou tout bagay. Yo kontan dèske pitit fi yo te gen opotunite vini Ozetazuni. Se pa yon bagay ou wè souvan nan sosyete kote nap viv la," misye deklare.

Direktè egzekutif Saltz fè konnen stad Sun Life la, kote ekip Dolphins la jwe a ak ekip Miami Dolphins la tou gen entansyon kontinye pwogram sa a pou reyuni fanmi Ayisyèn yo, gras ak supo "jenereu" konpayi Cisco.

XS
SM
MD
LG