Accessibility links

Breaking News

Responsab Etablisman Skolè yo Kritike Metod Ministè Edukasyon an Anplwaye pou Relouvri Lekol yo



Nan moman Ministè Edukasyon Nasyonal ap eseye relouvri pwogresivman lekol-yo, anpil direktè etablisman skolè kritike metod responsab-yo.

Direktè sa yo fè konnen ke se lekol kongreganis yo sèlman ke ministè edukasyon nasyonal la ap okipe avèk lekol leta yo. Mèt Gerard Gourgue ki gen yon enstitusyon ki kraze pandan tranbleman de tè a di ke li poko resevwa okenn èd de la par de ministè edukasyon nasyonal pou'l kapab debleye ko'l pou'l kapab fonksyone.

"[Ministè]Edukasyon nasyonal pa an mezu pou'l di sa lap bay kom èd -- yon minimom èd pou lekol ki viktim tranbleman de tè a," misye Gourgue deklare. "Sonje byen ke lekol mwen an gen 44 an d'egzistans." Misye kontinye pou'l di poukont pa li li paka fè fas ak frè sa pral koute pou repare lekol li a.

Mèt Gerard Gourgue fè konnen ke si ministè edukasyon nasyonal voye traktè pou vinn debleye teren an, eben limenm li kapab travay pou dè tant pou pèmèt ke lekol la rekomanse.

XS
SM
MD
LG