Accessibility links

Breaking News

Kèk Reskape Kritike Distribusyon Manje nan Gonayiv



Yon responsab nan zafè distribusyon manje nan vil Gonayiv rejte pakèt kritik kèk manm nan populasyon-an lage sou do'l komkwa li fè patipri nan distrubusyon-an.

Otorite lokal yo nan vil Gonayiv deja distribye asistans alimantè bay 9,000 fanmi d'akèy nan kad distribisyon manje pwogram alimantè mondyal la, PAM ap fè nan rejyon Atibonit la prèske 3 mwa apre katastwof ki frape kapital Ayisyèn nan.

Naoum Deli ki se youn nan responsab distribusyon manje yo fè konnen moun yo resevwa duri, pwa, luil ak farinn -- yon fason pou ede sinistre yo ki te subi chok pandan pasaj tranbleman de tè a.

Youn nan delege vil yo nan site endepandans la deklare pwogram distribusyon manje a ap kontinye.

"Depi yon moun distribye manje menm fok ou atann ke gen de bagay ki pral tonbe sou do'w e oumenm ki antanke delege ki antanke l'eta, fok ou mete sans de responsabilite'w.... bon fwa ou, de fason pou'w kapab wè pou'w kapab fè fas ak sa ke y'ap di a," misye siyale.

Misye ajoute ke li resevwa manje pou 967 fanmi alo ke gen 9,000 moun pou bay manje. Misye di antanke delege de vil li fè maksimom ni pou asure moun ki nan bezwen resevwa manje.

Plizyè reskape ki refuje yo nan site d'endepandans la ki pa resevwa kat pou jwenn manje kritike fason otorite lokal yo ap distribye asistans alimantè yo. Anpil nan reskape sa yo ki kouri kite kapital la apre trajedi a fè konnen yo pa janm jwenn yon ti kat ki ta pèmèt yo al jwenn manje.

XS
SM
MD
LG