Accessibility links

Breaking News

Yon Delegasyon Manm Kongrè Ameriken Vizite Ayiti



Yon delegasyon manm Kongrè Ameriken an vizite peyi d'Ayiti Lendi 5 Avril la kote yo pwomèt ke kongrè a ansanm avèk gouvènman Ameriken an ap travay pou ede rebati peyi d'Ayiti aprè dezas tranblemanntè 12 Janvye pase a lakoz.

3 manm delegasyon an se: Senatè Louizyann Mary Landrieu, Senatè Nouyok Kirsten Gillibrand epi delege Washington D.C., Eleanor Holmes Norton.

Objektif prensipal vizit sa a se pou obsève kondisyon lavi òfelen ki separe ak fanmi yo, epi fason pou ede gouvènman Ayisyen an mete sou pye yon pwogram asistans pou ede timoun sa yo -- daprè deklarasyon palmantè yo fè nan yon konferans de près.

"We are particularly interested in the welfare of children and their education," senatè Landrieu eksplike. ("Nou enterese patikilyèman nan byennèt timoun yo avèk edikasyon yo."

Senatè a ajoute :"Nou ta renmen wè ke timoun yo rete avèk fanmi yo, manman ak papa yo oubyen avèk paran ki pwoch yo, pou yo kapab santi yo byen. Pou timoun yo jwenn edikasyon, pou timoun yo al lekol -- men sak ta pi bon se pou yo ta rete avèk fanmi yo. Natirèlman, si timoun yo pa gen fanmi, nou dakò pou yo kapab adopte yo o nivo entènasyonal men sa'k enterese nou vrèman se pou timoun yo rete nan peyi yo, avèk fanmi yo nan kilti yo paske se yo menm ki pral fòs peyi a demen.")

"I've been to Haiti before, most recently in 2008, I wanted to come again,to see for myself what has happened with this earthquake of unusual proportions," delege Eleanor Holmes Norton siyale. ("Se pa premye vizit mwen Annayiti. Mwen te la, pa gen twò lontan an 2008, men'm te vle pou'm te tounen pou'm te wè avèk zyem gwosè dezas sa a ki frape peyi a. E kwè mwen, te genyen yon bagay konsa Ozetazuni, yon dezas nan Louizyann kote kolèg mwen an, senatè Landrieu se la'l moun e mwen vle ke nou konnen ke tout Ameriken pran lapèn ansanm avèk nou. Men nou pa vle fè pwomès ke nou paka kenbe -- paske fwa sa a etan done ke noumenm nou nan yon peyi ki nan vwazinaj nou, ki pre nou,nou vle pou se yon efò ki fèt sou plan entènasyonal avèk tout peyi pou nou kapab rekonstwi Ayiti. Mwen trè kontan ke nou vinn isit la pou nou gade kijan timoun yo ye -- sitou yon enstalasyon tankou sa a, e nou vrèman kontan pou nou wè jan timoun yo byen, jan yo kontan. Men se pa sa ki pi enpòtan. Sa ki pi enpòtan se pa èd ke n'ap pote banou, men pou nou ede gouvènman Ayisyen an ranfòse kapasite li pou ke noumenm antanke Ayisyen nou ka okipe tèt nou.

"It's an honor and a privilege for us today to visit you all in Haiti. And as my colleagues have said, we are here to be an ally and a friend," Senatè Gillibrand deklare. ( Menm jan kolèg mwen sot di a nou la pou nou ede nou e depi katastwòf la, depi imaj nou wè nan televizyon , kè nou, lespri nou avèk lapriyè nou avèk pèp Ayisyen an. Donk nou te la pou'n te vinn wè kijan bagay yo te pase pou'n kapab wè nan ki sans nou kapab ede nou. Mwen se yon manm komisyon afè etranjè sena a donk se yon bon rezon ki fè ke'm isit annayiti. E kòm mwen pami manm kongrè a ki gen jèn timoun -- youn nan rar moun ki gen jèn timoun nan sena a li enterese'm patikilyèman pou'm isit la pou'm gade pou'm wè kijan nou ka ede timoun yo. E nap fè tout sa nou kapab, tout sa ki nan pouvwa nou pou nou ede tout ti Ayisyen pou yo ka rive nan potansyèl ke Bondye ba yo a."

Marie Roland T. Fernandez ki se yon pastè se fondatris e an menm tan direktris òfelina a, eben li di nou li mete devan delegasyon an, 2 ka.

"Mwen byen kontan prezans moun yo nan òfelina a. òfelina a genyen 13 zan. Nou gen de timoun ekstraòdinè, nou gen bebe nou gen 78 timoun, nou genyen an patikilye 2 timoun ki fèt san pati jenital ke'm bezwen fè opere -- se premye pwen nou. Nou di tout moun mèsi pou vizit yo e nou di tout moun mèsi pou apui nou, e nou kontan ke yo vinn vizite nou jodiya." Sete deklarasyon madan Fernandez.

Delegasyon an te kite Ayiti Lendi 5 Avril la, men yo te retounen ann Ayiti Madi 6 Avril la pou yo vizite fwa sa a yon kan ke gouvènman an bati e ki ebèje yon pati nan moun kap viv sou Channmas la. Delegasyon an vizite tou nan jounen madi a yon sit nan Pòtoprens kote ki genyen pliziè lekòl primè.

XS
SM
MD
LG