Accessibility links

Breaking News

Diyaloge ak Etazuni – Reskape Kan OJPDH Yo Prezante Doleyans yo


WASHINGTON: Cherubin Dorcil, Marie Luce Pierre

MIAMI:Pierre Nazon Beauliere, Sandra Dominique

AYITI: Renan Toussaint ak reskape yon an kan OJPDH tou pre ayeropo Mayi Gate a nan Potoprens

Reskape ki pale ak Vwadlamerik depi kan Oganizasyon Jen Pou Devlopman Ayiti ki gen yon total 3, 636 moun kap viv ladann (pami yo plis pase 400 timoun ki gen ant 0 ak 18 an) di yo grangou, yap soufri anba chale soley la e le lapli tonbe menm zafe yo pa bon menm. “Nou grangou, nou pa jwenn anyen” youn nan yo di Vwadlamerik.Reskape yo mande ki kote asistans umanite a ye? “kwa wouj te ka plis panche sou nou, le’w onsidere lajan yo gen nan men yo” youn nan reskape ki tap prezante doleyans declare. Yo fe konnen tou, yo bezwen konsey psikolojik pou ede yo reprann lavi yo apre trajedi yo sot subi a.

KONSEY ENVITE NOU YO:

Dokte Jean Alexandre: Tabli yon woutin pou timoun ki te viv tranbleman de te a. Menm si pa gen spesyalis nan zon nan ki ka ede nou chache siy bo kote timoun yo ki ta montre ke yo gen difikulte epi diskite ak timoun sa yo.


-Idantifye kek aktivite ke timoun yo kapab fe, yon bagay ki kapab ede yo pase yo de frustrasyon yo. Ba yo yon woutin - yon fason pou eksprime frustrasyon yo


- Fe yon relve, yon lis bezwen nou yo ke nou ka prezante bay responsab yo


-Kenbe la le bagay sa yo monte nan tet nou nou kapab pale ant nou


-Lapriye - pa pedi fwa nou nan sityasyon sila yo

Psikolog Maude Silver: Utilize sa ke'w gen nan men ou, utilize timoun ki pi gran, pran yo (sou suveyans adult) reyuni timoun yo pou fe ti devwa pou kenbe espri yo okipe.


- Nan laj ant 3-21 sak pi enterese jeness la se aktivite, se yon bagay yo pran plezi ladann

-Pran kouraj paske gen yon rezon pou bondye sove lavi nou


-Separe'w de emosyon'w chache pwen pozitif yo olye negatif yo epi fe plan a kou tem de sa ou takapab fe, sa ou ta renmen fe

Dokte Jean-Claude Degranges: Chache oganize ko nou, chwazi lide pou ale bo kote enstans umanite yo, pa egzanp PAM (Pwogram Alimantasyon Mondyal) epi fe yo konnen sityasyon nou pou yo ka ede nou. Reyuni ant nou, chwazi lide ki ka reprezante kan an epi prezante doleyans moun ki nan kan sa a

-Lanse apel bay tout sekte sosyete a pou we nan ki mezu yo ka ede popilasyon an viv pi byen

-Fe atansyon pou malarya, lawoujol, tifoyid ak gratel

"Moun yo nan yon eta'd survi anraje," doke Degranges di. "Degaje nou [lide yo, responsab yo] tankou met jan jak pou ede popilasyon an pou viv tankou moun."

XS
SM
MD
LG