Accessibility links

Breaking News

Kominote Ayisyenn Tortola Lanse Efo pou Ede Reskape yo


Kominote Ayisyenn nan il Tortola, yon ti il vyerj Britanik ki sitye nan lanme karayib la te mobilize tou suit apre tranbleman de te 12 Janvye a pou ede konpatriyot yo nan peyi D’Ayiti.

Martine Monpoint, yon Ayisyenn kap viv epi travay nan Tortola depi preske 2 zan di se nan CNN li te vinn aprann nouvel sou katastwof la. Martine, ki se yon manadje dives pwoje pou yon konpayi konstruksyon, fe konnen gen yon paste ki te apwoche li ak ide pou yo ta fome yon asosyasyon Ayisyen. Objektif asosyasyon sa a sete pou sevi kom pot de soti pou Ayisyen kap viv nan peyia. Eben se asosyasyon sa a ki voye sa pa gen lontan, yon trailer (kontene) nan peyi a chaje ak tout kalite pwovizyon pou ede sinistre yo.

Martine pat vle di egzakteman ki kote trailer sa a pral arête men li ti li kwe se kapab nan zon Tabarre la.

XS
SM
MD
LG