Babette Arnand se yon jen avokat kap viv Miami e ki te vwayaje al Anayiti sa pa gen lontan pou we sakap pase sou teren an. Li di li te vle we ak pwop je pa li kijan sityasyon an ye. Vwayaj li te fe Anayiti nan mwad Mas la, sete dezyem vizit li nan peyi a depi tranbleman de te 12 Janvye a.
Babette ap travay ak yon gwoup ki rele PAPDA - savledi Platfom Ayisyen Pou Pledwaye pou Devlopman Altenativ. Oganizasyon sa a kwe ke Ayisyen ta dwe pwodui tout sa yo bezwen pou viv lakay yo olye yo achte pwodui sa yo nan men etranje. Kidonk yo vle pwomouvwa devlopman nasyonal. Mamzel di enpotans ide sa a te vinn pran plis jaret toujou apre katastwof la, le peyizan yo te reyalize ke si yo pa gen akse a peyi etranje yo pa gen akse a manje ak pwodui yo bezwen pou viv.
Pandan vizit li, ki te dure yon afe de 3 semen, Babette Arnand di li te gen opotunite ale nan zon vil Okap e li te konstate ke moun yo tap tann pou we kijan yo pral jere kriz la -- men sak te pi enkyete li se ke yo te sanble yo vinn abitye viv konsa.
"Sa se yon gwo pwoblem paske nou pa gen dwa abitye nan yon sistem konsa nou pa gen dwa abitye nan yon peyi kote tout kalite moun ap viv nan tant toupatou, " Babette di.
Mamzel di nan rejyon Okap la li pat konstate site-tant menm jan li te we nan Potoprens. Pi fo moun yo tap viv pito nan kay.
Nan zon Limonad Babette te gen opotunite al vizite yon pwoje kowoperatif peyizan kap fe elvaj bef epi vann tout kalite pwodui ki fet ak let. Li di se yon pwoje ki mache byen e ki takapab sevi kom bel egzanp pou lot vil pwovens yo.
"Nou te vle we si nou ka ede moun kap viv nan zon sa yo entegre nouvo moun ki vin viv nan zon nan [reskape]," Babette eksplike.
Espwa gwoup PAPDA se ke yo va kapab tabli pwogram fomasyon pou moun ki abitye viv nan Potoprens, ki pa konn anyen nan pwoduksyon agrikol e ki oblije kouri kite zon kote yo te abitye a akoz tranbleman de te a. Sa ta pemet moun sa yo pi byen entegre yo nan nouvo sosyete kote yap viv la, avokat la eksplike.
"Moun yo reseptiv moun yo toujou vle resevwa moun yon fason ki bon pou yo, epi bon pou moun yo [reskape yo] tou," Babette deklare.
Babette Arnand di espwa li pou Ayiti pandan peryod rekonstruksyon an, se ke peyi a va vinn pi endepandan. Li di li espere ke ed entenasyonal ki pral vide nan peyi a, ke dives peyi pwomet pandan konferans baye de fon entenasyonal Nazyonzuni an, va sevi pou ede Ayisyen mete an plas pwoje ak konpayi kap ede pep la fe tout sa'l bezwen pou viv lakay li, olye li konte sou peyi etranje.
" Nan moman sa a sa yo ta renmen we se: kijan kob sa a ap depanse," Babette di. " [Pep la vle] Transparans nan jan lap jere ak yon patisipasyon ladann [rekonstruksyon an]."