Accessibility links

Breaking News

Bill Clinton Mande Plis Kominikasyon Dirèk Ant Responsab Ayisyen, Nasyonzuni ak Moun Kap Viv Anba Tant


Ansyen Prezidan Ameriken Bill Clinton òganize yon reyunyon Madi nan kapital Ayiti-a, Potoprens, ant lidè nan kan kote viktim tranblemann’tè-a ap viv ak dirijan Nasyonzuni-yo ann Ayiti. Pandan rankont sa-a, prezidan Clinton te ensiste sou jan li enpòtan pou gen liy komunikasyon dirèk ant lidè Ayisyen-yo ak moun kap viv anba tant-yo, ansanm ak Nasyonzuni e gouvènman Ayisyen-an.

Rankont sa-a, ki pat abitye fèt anvan, te ofri okazyon pou 15 Ayisyen, ke abitan nan kan-yo chwazi kòm lidè-yo, prezante bezwen yo bay L’ONU, anpalan de manje, dlo, sanitasyon, abri pwovizwa, preparasyon pou sezon siklòn-nan, swen sante, ak sekurite fi ak timoun piti ki anba tant-yo.

Patisipan-yo te pale tou sou òganizasyon Ayisyen nan kan-yo tabli pou kont-yo, kote yo fè envantè tout talan abitan-yo posede epi utilize talan sa-yo pou travay ki merite fèt. Yo ensiste sou enpòtans lumyè ki mache ak enèji solèy, pou klere kan-yo ak lòt kominote-yo.

Lidè komite nan kan-yo fè remake kouman li enpòtan pou otorite-yo byen evalue dega ki fèt nan lopital-yo, lekòl-yo, building-yo, kay sitwayen-yo, epi pou yo pran an konsiderasyon pwend-vu pèp ayisyen-an nan planifikasyon sekou ak rekonstruksyon nan kominote-yo.

Pami priyorite yo konsidere, genyen: kreyasyon travay, apui pou moun k’ap kreye travay, epi supò pou sektè edukasyon-an. Lidè-yo deklare populasyon-an pa vle depann sou sa zòt ap fè-yo kado, men pito yo bezwen jwenn mwayen pou yo ka travay, pou yo soti nan mizè.
Anfen, lidè komite nan kan yo remèsye Prezidan Clinton pou tout asistans li pèmèt Ayiti jwenn, atravè fondasyon li-an. Enfòmasyon sa-yo soti nan Biwo Laprès Fondasyon Clinton.

XS
SM
MD
LG