Accessibility links

Breaking News

Ansyen Prezidan Ameriken Clinton, Bush Vwayaje Ayiti


Ansyen Prezidan Ameriken Bill Clinton ak George W. Bush ap fè yon vizit nan peyi D'Ayiti nan kad jefo konjwen yo lanse pou kotize lajan pou ede rekonstwi peyi d'Ayiti ke tranbleman de tè 12 Janvye a kraze net.

Mesye yo rakontre Lendi ak Prezidan Ayisyen an Rene Preval nan palè prezidansyèl la nan Potoprens, ki subi gwo dega nan katastwof la. Yo t'al vizite tou yon vil tant kote reskape yo ap viv.

Ansyen prezidan yo pral pale ak reskape yo epi sekouris kap asiste Ayiti nan travay kap fet pou rekonstwi peyi a.

Se Prezidan Barack Obama ki te mande Misye Clinton ak Misye Bush pou yo dirije jefo pou kotize lajan pou ede rekonstwi Ayiti epitou supèvize jefo sekou a a lon tèrm.

Fon Clinton-Bush la (ki pa la pou fè benefis) deja kotize plizyè milyon dola pou jefo sekou a.

XS
SM
MD
LG