Accessibility links

Breaking News

Clinton, Bush Ap Vizite Ayiti


Ansyen Prezidan Ameriken Bill Clinton ak George W Bush ap vizite Ayiti Lendi 22 Mas la, nan kad jefo konjwen yo lanse pou ede rekonstwi peyi a ke tranbleman de tè 12 Janvye a ravaje.

2 ansyen prezidan Ameriken yo gen pou yo rankontre responsab gouvènman Ayisyen an ak gwoup kap pote asistans umanitè bay sinistre yo pou diskite sou rekonstruksyon Ayiti a lon tèrm. Gen 250,000 moun ki mouri nan tranbleman de tè a e plis pase yon milyon lot rete san kay.

Ex chèf d'Eta yo ap rive Anayiti nan moman peyi a ap lute pou jwenn manje ak abri pou reskapep yo. Dè santèn milye Ayisyen ap viv nan kan refuje nan kondisyon ki danjre e ki fè fas ak inodasyon deja malgre sezon pluvyez la poko komanse.

Se Prezidan Barack Obamam ki te mande Bill Clinton ak George Bush dirije kanpay pou kotize lajan pou reskape yo Anayiti epi supèvize rekonstruksyon peyi a a lon tèrm.

Fon Clinton-Bush la deja kotize dè milyon dola pou ede jefo sekou a.

Gouvènman Ayisyen an gen pou'l mande pou yon asistans $11.5 milyon pandan konferans bayè de fon entènasyonal la ki pral dewoule nan Nasyonzuni 31 Mas kap vini an.

Yon lot kote, Konsèy Ekonomik ak Sosyal Nasyonzuni an gen pou'l fè chita tande mwa pwochen an pou diskite sou kisa oganizasyon an ka fè pou ede gouvenman Ayisyen an rebati peyi a.

Konsèy la, ki pote non ECOSOC, responsab pou kowodinasyon travay ekonomik ak sosyal fon Nasyonzuni an, pwogram li yo ak ajan spesyalize yo.

XS
SM
MD
LG