Accessibility links

Breaking News

Eske Ayiti Pare Pou Tourism?


Konferans "Sustainable Haiti" a (savledi yon Ayiti ki gen avni) ki te dewoule nan sant konvansyon Miami an semen pase a, te ofri yon paket solusyon pou rebati Ayiti nan tout nivo. Youn nan diskisyon ki te enterese anpil moun se forum sou Tourism nan ki te kom tem: Tourism yon nouvo jou.

Pami manm panel la te gen: Caroline Racine, moderatris la, ki limenm travay nan endustri otelye a nan Miami pou chen otel Choice Hotels, Madan Dominique Carvonis ki se pwopriyete plizye otel Anayiti, Mike Ronan ki se yon responsab Konpayi Kwazye Ameriken Royal Caribbean Cruise Lines, epi pwopriyete yon konpayi tourism Ameriken Gap Adventures, Bruce Poon Tip. Minis tourism Ayisyen an Patrick Delatour te resevwa envitasyon pou'l patisipe nan diskisyon an tou men li pat vini.

Misye Mike Ronan, responsab Royal Caribbean Cruise Lines fe konnen konpayi li a ap kole tet ansanm ak Fon Clinton-Bush la pou travay sou dives pwoje nan no peyi d'Ayiti. Misye eksplike kijan apre tranbleman de te 12 Janvye, Royal Caribbean te chaje bato kwazye li yo ak asistans umanite pou ede reskape yo. Royal Caribbean te fe fas ak anpil kritik akoz desizyon li te pran pou'l reprann vwayaj li nan Labadee yon ti tan selman apre trajedi a. Misye Ronan di malgre kritik sa yo li kwe sete bon desizyon an. Poukisa? Paske li di moun nan zon nan depann sou tourism pou viv e si Royal Caribbean te suspann vwayaje nan zon nan sa tapral gen move konsekans sou anplwaye li yo ki viv O Kap Ayisyen ak vil ozalantou yo e ki travay nan Labadee. Misye Ronan ajoute ke Royal Caribbean ta trez enterese pou'l fe touris yo al vizite Sitadel la, ak lot lyeu touristik nan Kap Ayisyen yo si lyeu sa yo te gen sekirite e vizit la te byen oganize ak patisipasyon Ministe Tourism Ayisyen an. Li di tou ke Royal Caribbean ap travay ak gouvenman Ayisyen an sou yon wout ki konekte Labadee ak Kap Ayisyen.

Moderatris diskisyon an Caroline Racine di li kwe sak pi endispansab pou fe endustri tourism nan demare Anayiti se: enfrastruktu.

"Sa nou tap eseye montre moun yo ki tap patisipe nan panel sa a, se ke tout gwo konpayi Ameriken yo -- kitse Choice Hotels, Royal Caribbean, oubyen Gap Adventures yo tout gen yon gwo entere andedan peyi a. Moun konprann ke Ayiti pa enteresan pou gwo konpayi sa yo men se pa vre. Se kounyea ke li pi enteresan pase tout lot il yo, " Madmwazel Racine eksplike. "Enfrastruktu a se kle. Byen lontan anvan tranbleman de te a se sa'k te pi gwo pwoblem nan. Pat gen yon struktu pat gen yon oganizasyon vreman de tourism pou moun kap viv andeyo peyi a -- pou ede yo konprann ke nou la, ke nou vle sevi yo ke nou gen bel kultu ke nap ofri ke nou gen ar ke nou gen bon manje ... tout bagay sa yo. Yo pat vreman oganize tet yo pou voye mesaj sa a bay moun andeyo de peyi a."

Madan Dominique Carvonis bo kote pa li ki gen plizye otel Anayiti fe konnen sak pi dekourajan an se ke peyi a pedi yon paket chanm otel apre tranbleman de te a. Sepandan, li gen espwa pou tourism nan rederape gras ak sa li dekri tankou yon "mouvman tet ansanm" ki egziste a.

"Jodia la a sa ke'm twouve ki vreman enteresan se mouvman kap pase Anayiti a suit a gwo katastrof ki kraze peyi a -- ke jodia gen yon mouvman tet ansanm ki fet ki vreman tre rekonfotan paske jodia la a ou santi ke gen yon espwa ki diferan , " Madan Carvonis deklare. "Se premye fwa ke'm we ke sekte prive uni nan yon sel vwa. E ke'l envite dyaspora fre ak se'm yo isit la Ozetazuni pou fe pati nan menm mouvman unite sa a."

Kisa moun ki te asiste konferans la te panse de ide patisipan yo soulve?

" M'kwe ke li te trez enstruktif. Pa egzanp mwen pat konnen ke Royal Caribbean te enterese a ouvri pot li pou ke vizite yo (touris yo) te ka al vizite Sitadel LaFeryer - sa m'pat konnen'l," yon dam nan asistans la deklare. " Kounyea m'aprann ke anvan lontan yap kapab etann tourism nan pou'l rive juske la.

"Ayiti pa kraze! Potoprens kraze, Jacmel kraze Leogane kraze men Ayiti pa kraze," yon misye ki te nan asistans la deklare. " Gen anpil bel kote pou moun we Anayiti."

Pami patisipan yo te genyen tou jen Ayisyen Alex Georges, ki gen pwop konpayi tourism pa li. Misye te sanble trez enterese sitou nan ide "Volontourism" ke konferansye Bruce Poon Tip te soulve a. Misye Poon Tip di lap fe demach pou we si'l ka oganize kek vwayaj anba tem Volontourism Anayiti nan yon avni ki pa two lwen. Tip vwayaj sa a mande pou touris la vwayaje nan yon peyi, epi olye yo chita ap pran plezi yo yo fe travay volonte pou ede yon pwoje an patikulye.

Alex Georges di ide sa a enteresan anpil pou li ak kliyan li yo men sak pral pi ede tourism nan peyi a se yon chanjman nan atitud Ayisyen yo.

"Ou vle ede peyi a kounyela a? Al Anayiti," Misye Georges konseye. "Wi gen otel ki detwi, men gen yon paket otel ki pa detwi. Ou ka gen fanmi Anayiti w'al kay fanmi an, menm si ke li vre ke sityasyon an nan peyi a pa ideyal, men fo'n suspann kraze peyi a antanke Ayisyen....si moun lakay pa vann ou moun deyo pap achte'w."

Kestyon tourism nan se yon kestyon ki pral diskite anpil pandan mwa kap vini yo. Sepandan, nou kapab di gen anil moun Ozetazuni ak Anayiti ki pare pou fe tout sa yo kapab pou bay endustri sa a yon bourad.

Kijan oumenm ou ka ede endustri a? Tout konferansye yo dako ke repons la se: vwayaje Anayiti.

XS
SM
MD
LG