Accessibility links

Breaking News

Ede Ayiti Se Yon Misyon Pou Akte Jimmy Jean-Louis


Gen un an edmi de sa, Fondasyon Pan-Ameriken pou Devlopman an, PADF, te mande akte Jimmy Jean-Louis pou'l travay kom Anbasade Bonn Volonte li pou timoun Anaiti. Apre tranbleman de te 12 Janvye a, PADF te kole tet ansanm ak fondasyon misye a, "Hollywood Unites For Haiti" (Hollywood Kole Tet Ansanm Pou Ayiti) pou ede rebati peyi a.

Malgre travay li fe antanke anbasade PADF pote ave'l anpil benefis, akte a ap pousuiv kounyea yon misyon pesonel pou'l ede rekonstwi peyi kote li te pran nesans la e kote li gen anpil fanmi. Vwa misye Jean-Louis te chaje ak emosyon le'l te pale de devastasyon li te we apre katastwof la e pandan plizye lot vwayaj li fe Anayiti apre sa.

"Tou suit apre tranbleman de te a mwen te santi'm tankou si mwen kontan we paran mwen paske yo te la nan moman tranbleman de te a te frape," Jimmy Jean-Louis eksplike. Kay paran misye ki sitye nan zon Tabarre, te kraze ansanm ak kay se li.

" Yo pi byen kounyea," misye di. "Paran mwen pedi kay yo, se mwen pedi kay li, preske tout moun pedi tout sa yo te genyen Anayiti, men se byen materyel selman. Mwen kwe tout moun nan menm eta a. "

Jimmy Jean-Louis pa pedi okenn pwoch paran pandan tranbleman de te a men yon jen gason 28-an ki tap viv nan kay li pedi lavi li le kay la tonbe sou li. Akte a fe yon poz pou kontanble trajedi terib sa a - je li chaje ak tristes.

Malgre lavi li antanke akte nan Hollywood se yon lavi ki chaje ak privilej, Jimmy Jean-Louis di li toujou kontan retounen Anayiti - menm kounyea.

"Kisak pase nan tet mwen le mwen tounen Anayiti? Ke'm toujou kontan kelkeswa sityasyon an. Mwen apre tranbleman de te a se yon kote ke'm santi'm alez," akte a eksplike. "Mwen santi mwen byen nan po'm le'm nan peyi a."

Jean-Louis fek sot fe yon vwayaj Anayiti. Li te mennen ave'l aktris Dania Ramirez ki se yon Dominikenn e ki jwe ansanm ave'l nan pwogram televizyon "Heroes" la. Ansyen jwe basketbol pwofesyonel Ameriken Cliff Robinson te vwayaje ave'l tou. Misye di sa'l te we nan peyi a fwa sa a fe'l lapenn anpil. Li mansyone pa egzanp, katye St. Louis de Gonzague la ki finn tounen yon gwo site-tant. Moun ap viv youn sou lot, misye fe konnen. Akte a sonje yon swa kote li te kouche nan kabann ni epi lapli tap tonbe, li te panse a moun kap viv nan site-tant la e kijan dlo lapli a tapral inonde zon nan ki plat anpil.

"Sa rache ke'm pou'm we yap viv nan kondisyon parey," Jimmy Jean Louis di. "Gen moun ki pa menm gen anyen pou yo manje nan maten - oubyen omwens yon bagay pou fe yo santi yo alez - donk sityasyon an terib, kelkeswa jan ou gade'l. Fok nou jwenn solusyon."
Jean-Louis espere vedet ki vwayaje Anayiti yo pral kontinye pale de peyi a le yap bay entevyou e ke pawol la va rete nan lespri moun. " Tou le 2 (Ramirez ak Robinson) pral kapab transmet mesaj la bay yon paket moun paske yo gen yon gwo rezo fanatik," akte a eksplike. "Robinson gen akse a fanatik NBA yo e Ramirez limenm gen anpil fanatik tou puiske li te paret nan film popile 'X-Men'."

Sepandan, akte a espere le fet ke vedet vwayaje Anayiti pou ede pote sekou bay reskape yo pral kenbe atansyon le mond sou tray ak mize pep la. " Si seyon kestyon de fe efo a san okenn presyon, li posib yo pap fe'l," misye fe remake. " [Men] gen anpil moun nan Yollywood ki dedye tan yo pou ede koz Ayiti a."

Jean-Louis site kom egzanp akte Sean Penn ki pase anpil tan andedan peyi d'Ayiti kote lap ede nan pwoje rekonstruksyon ak asistans umanite. Li ajoute ke sineyas Ameriken Paul Haggis mennen anpil vedet Anayiti tou - pami yo: Josh Brolin, Diane Lane ak Madeleine Stowe.

Le nou mande'l si'l panse forum "Sustainable Haiti" a va gen yon enpak konkre sou reskape Ayisyen yo, akte a di li kwe ap gen chanjman. Misye di li kwe tou se tap yon bon bagay pou oganize yon konferans konsa andedan peyi a.

Istwa konsenan Ayiti diminye seryezman nan la pres etranje, 2 mwa apre tranbleman de te a ki te gen yon puisans 7.0 sou nechel Rikte a. Men Jimmy Jena-Louis espere efo li antanke anbasade PADF ak jefo lap pousuiv nan kad fondasyon li an pral fe yon diferans.

"Sa'm eseye fe se kontinye pale de suje a," misye di. " Fok nou raple tout moun. Fok nou fe'l. Ozetazuni, ann Azi, ann Euwop fok nou kontinye pale de Ayiti. Fok Ayiti rete nan nouvel yo paske si nou pa fe sa, nou pap gen asistans ki esansyel ke nou bezwen pou rekonstwi peyi a."

Akte a di sa pral mande anpil lajan ak atansyon e li pran angajman pou fe rev sa a tounen reyalite.

XS
SM
MD
LG