Accessibility links

Breaking News

Sekouris Gen Ke Sote pou Ka Viol Kap Ogmante nan Kan Refuje yo



Fanm ak ti moun piti ki te suviv dezas tranbleman de tè-a di kounyea yo krènn pou yo pa viktim atak seksyèl nan kan de fotun pou sanzabri-yo.

Responsab Nasyonzuni an’Ayiti-yo di yo ogmante mezu sekirite-yo pou yo ka sible violans a baz seksyèl.

Yon jèn manman ki pa vle non ni site di gen 3 gason ki rele-l epi mande pou-l kanpe nan moman li ta prale utilize twalèt nan youn nan kan-yo nan Potoprens. Li di li iyore-yo e li kontinye mache.


Madanm nan di lè yo mande-l pou-l kanpe-a, li pat kanpe yo te kontinye mache ap vin sou li. Yo mete men sou li e pi yo peze bouch-li e tou le 3 mesye sa-yo viole-l.


Alison Thompson se yon volontè kap pote sekou e ki ede bay swen medikal pou moun ki deplase akoz tanbleman de té-a. Li deklare atak seksyel sou medam-yo ak ti fi-yo ap vale teren nan kan-yo.


Lè limyè mouri, se lè viol-yo ogmante e sa rive chak jou nan tout kan-yo nan Potoprens e apil nan yo abouti nan lopital mwen-an, ti moun osi jèn ke 2 zan.

XS
SM
MD
LG