Accessibility links

Breaking News

Internews Ap Travay Pou Pote Enfomasyon Util Pou Reskape Ayisyen Yo


Tou suit apre tranbleman de tè 12 Janvye a Internews, yon oganizasyon prive ki pa dèyè benefis e ki lanse dives pwojè kominikasyon toupatou nan le mond antye, te pase a l’aksyon pou ogmante aktivite li Anayiti.

Yves Colon, yon ansyen jounalis la Vwad’ Lamerik kap travay kounyea kom pwofesè journalism nan Univèsite Miami, te pami gwoup moun ki te vwayaje al Ayiti 20 Janvye pou travay sou yon pwojè pou prezante enfomasyon util bay reskape yo.

Yves se yon natif-natal Ayisyen e li fè konnen te gen 10 moun ki tap viv ansanm nan yon kay kote yo tap ekri nouvèl yo sou odinatè epi apre sa anrejistre yo epi transfere pwodui fini a sou yon CD ke yo te pote bay stasyon radyo ki tap fonksyone toujou yo pou difuze pandan pwogramasyon yo.

“Tout moun tap suiv nou avèk anpil atansyon,” Yves fè konnen.

Yves di sa ki pi enpotan kounyea pa rapo ak enfomasyon jounalis yo ap bay se istwa reskape yo epi enfomasyon sou sanitasyon, ki kote pou moun jwenn manje, dlo, swen medikal ak tant.

Yves di yon bagay pou sinistre yo sonje se ke fok yo chache ede tèt yo tou – setadi chache kote sekouris yo ye pou fè yo konnen yo bezwen asistans oubyen al chache lopital kote doktè ap travay yo si yo bezwen swen pou yon blesu.

Yves Colon di li kwè sa pral pran plizyè zane anko anvan Ayiti reprann ni de gwo kokenn chenn chok sa a. An atandan, Yves kwè enfomasyon ki util sa li rele “enfomasyon moun ka sèvi” pral rete yon eleman esansyèl nan kad enfomasyon la près ap transmit bay pèp la.

XS
SM
MD
LG