Accessibility links

Breaking News

Obama Mande Kongrè Ameriken an Yon Fon Lajan Dujans pou Ayiti


Prezidan Ameriken-an, Barack Obama, mande kongrè Lèzetazuni-an yon fon-lajan dujans ki monte rive $ 2.8 milya pou apiye efò rekonstruksyon-yo ann Ayiti aprè tranbeman de tè ki fè gwo dega nan peyi sa-a nan mwa Janvye pase-a.

Nan yon lèt Misye Obama voye bay prezidan Chanm dè Reprezantan-an, Nancy Pelosi, yè Mèkredi-a, lidè Ameriken-an fè konnen demand li fè-a koresponn ak bezwen ujan e esansyèl ki egziste jounen jodiya nan peyi Dayiti.

Prezian Obama fè demach sa-a bò kote kongrè-a anviwon yon semèn anvan dewoulman yon konferans sou Ayiti nan katye-jeneral Nasyonzuni-an nan New York, kote obsèvatè-yo prevwa otorite Ayisyen-yo pral mande peyi donatè-yo ak enstitusyon finansye entènasyonal-yo yon fon global $11.5 milya asistans pou rekonstruskyon peyi-a.

XS
SM
MD
LG