Accessibility links

Breaking News

Clinton, Bush: Lemond Pa Bliye Ayiti


Ansyen prezidan ameriken George Bush ak Bill Clinton, vizite Pòtoprens, kapital peyi Dayiti, ke tranbleman de tè ravaje nan mwa Janvye pase-a, e yo pwomèt Ayisyen-yo ke lemond pa bliye yo. 2 ansyen lidè-yo fè premye vizit yo ansanm ann Ayiti yè Lendi-a, nan kad efò kap fèt pou rasanble plus èd pou peyi-a e dirije plus envestisman ann Ayiti, pandan nasyon-an ap fè efò pou l leve anba move konsekans gwo soukous-la.

Misye Bush ak misye Clinton rankontre ak prezidan Ayisyen-an, René Préval, e yo vizite yon site-tant kote plizyè milye moun ki pèdu kay-yo ap viv.

Prezidan Barack Obama te chwazi 2 ansyen prezidan-yo pou yo pran tèt yon kanpay ki rele “Fon Clinton/Bush pou Ayiti”, yon kanpay ki sou pye pou ranmase lajan pou Ayiti e responsablite 2 ansyen lidè-yo se supèvize efò a lon tèm kap fèt pou rekonstruksyon peyi-a e pou kontinye pote asistans bay pèp Ayisyen-an. An menm tan tou, misye Clinton se anvwaye espesyal sekretè-jeneral l’ONU-an, Ban Ki-moon, ann Ayiti.

Yon lot kote, menm jounen yè Lendi-a, Bank Entè-Ameriken pou Devlopman (BID), fè konnen li dakò pou'l elimine $479 milyon dèt Ayiti genyen pou li. E Unyon Ewòp-la genyen pou'l mete a la dispozisyon peyi-a $1.36 milya « euro » pou apiye travay devlopman ann Ayiti pandan 2 zou 3 ane kap vini la-yo.

XS
SM
MD
LG