Accessibility links

Breaking News

Clinton: Politik Agrikultu Komès Lib la Se Yon Erè


Pandan Ansyen Prezidan Ameriken, Bill Clinton, ki te ann Ayiti Lendi-a, li deklare politik agrikultu komès lib li te apiye lè-l tap dirije Lèzetazuni-an se te yon erè. Anpil kritik di se kalte politik sa-a ki responsab pwoblèm tankou grangou ki egziste jounen jodiya nan peyi d’Ayiti.

Nan yon konferans pou la prèss msye Clinton bay nan Potoprens, misye di lè li te ede ansyen prezidan Ayisyen Jean Bertrand Aristide retounen sou pouvwa-a nan ane 1994, li te siyen tou yon lwa ki te ogmante kantite duri Ameriken bon mache ki tap antre sou mache Ayisyen-an.

"Mwen panse sete yon erè," prezidan Clinton fè konnen. "Mwen panse sa te fè pati yon tandans mondyal ki te mal dirije."

Msye Clinton fè konnen, aprè li te finn kite pouvwa-a, li te wè move konsekans politik sa-a sou sitiyasyon kiltivatè-yo nan peyi an vwa developman-yo, e li pat pran tan pou'l chanje lide.

"Li pa reyalis pou yon moun atann-ou aske yon peyi renonse nèt a kapasite pou'l nouri pèp-li e brule lè zetap pou w atenn yon stad developman," Misye Clinton deklare. "Kounyela-a, li parèt menm preske ridikil, menm rizib ke nou te janm panse fè yon bagay konsa."

Ansyen prezidan Ameriken-an di fondasyon umanitè lap dirije-a ap ogmante fon-lajan ki nesesè pou'l jwenn semans ak angrè pou'l ede kiltivatè peyi ki sou wout developman-yo amelyore produktivite-yo.

XS
SM
MD
LG