Accessibility links

Breaking News

2 Moun Mouri Nan Tranbleman'ntè Ki Frape Ajantinn


Yon trableman'ntè ki mezure 6.1 sou nechèl Richter la touye 2 moun ann Ajantinn.

Soukous la frape kèk hè'd tan sèlman apre yon michan tranbleman'ntè frape peyi vwazen li, Chili.

Otorite yo di yon timoun 8 an, ak yon granmoun 70 zan mouri nan pwovens Salta nan morn ki nan nodouès peyi Ajantinn.

Otorite yo di 2 moun sayo te andedan kay ki kraze nèt apre tranbleman'ntè a frape.

XS
SM
MD
LG