Accessibility links

Breaking News

Hillary Clinton Rive Urugwe


Sekretè d'Eta Etazuni, Hillary Clinton rive Uruguay pou komanse virewon lap fè nan 6 nasyon nan Amerik Latin.

Chèf diplomasi Amerikèn-nan pral montre apwi li tou pou Chili e li pral ankouraje Brezil pou-l apiye nouvo sanksyon sou Iran. Jodi Lendi-a Madan Clinton asiste seremoni envestitu prezidan elu Uruguay-a, Jose Mujica. Li rankontre avek msye Mujica e ak prezidan sòtan Uruguay-a, Tabare Vazquez nan Montevideo avan fèt envestitu-a. Aprè midi-a, sekretè deta Etazuni-an prale Buenos Aires kote li pral fè chita-tande avek prezidan Arjentin-nan, Cristina Fernandez.

Madi, sekretè d'Eta Ameriken-an gen pou'l ale Chili kote li pral rankontre ak prezidan sòtan-an, Michele Bachelet e ak prezidan elu Chili-a Sebastian Pinera nan awewopò Santiago-a.

Madan Clinton prale Brezil Mèkredi. Li gen entansyon fè demach pou prezidan Brezilyen-an Luiz Inacio da Silva ka apiye nouvo sanksyon kont Iran.


XS
SM
MD
LG