Prezidan Chilyen-an, Michelle Bachelet, deklare tanbleman de tè 8.8 ki frape pati santral peyi-li-a lakoz 2 milyon moun deplase – kite kote yo tap viv la - se yon ka dujans, yon katastwòf san parèy nan tout istwa Chili.
Madam Bachelet anonse li pase lòd pou 10,000 sòlda ale nan divès rejyon pou rétabli lòd epi pote konkou-yo nan efò sekou-yo ak tavay kap fèt pou jwenn moun ki anba debri toujou.
Lidè Chilyen-an kontinye pou'l di otorite-yo rive jwenn yon antant ak chèn supermaché-yo pou yo distribuye manje gratis bay viktim-yo.
Dimanch nan Concepciòn, ki se dezyem pi gwo vil peyi Chili e ki subi plus dega nan tanbelan de tè-a, piyajè te dechouke magazen ak boutik, kote yo vòlè manje ak aparèy menajé. Imaj televizyon montre lapolis ki tap sèvi ak gaz lakrimojèn e ak kanon-dlo pou gaye yon foul piyajè nan yon supermaché.
Otorite-yo dekrete yon kouvre-fe pou eseye rétabli lòd publik nan vil Concepciòn avèk Maulé.
Bilan pwovizwa tanbelan de tè-a jiskaprezan: plis pase 700 mò. Prezidan Bachelet di bilan-an kapab ogmante oferamezi sekouris-yo ap kontinye jwenn moun anba debri yo. Deklarasyon sa-a jwenn konfimasyon'n nan biwo Sekou an Ka Dujans-la nan Chicago, kapital-la, kote José Abumohor se youn nan responsab-yo.
“Kantite moun ki mouri-yo ap ogmante san rete; e responsab-yo dwe idantifye viktim-yo," Misye Abumohor deklare. "Majorite moun ki mouri-yo pèdu lavi-yo pandan yo te anndan kay-yo e yo pa genyen pyès kat-didantite sou yo."
Pandansetan, plizyè douzen peyi ak gwoup sekou entènasyonal, ap mobilize-yo pou yo voye asistans bay Chili. Yon egzanp solidarite entènasyonal sa-a se Premye Minis Japonè-a, Youkio Hatoyama.
"Mwen pase lod pou Japon pran dispoziyon pou'l voye asistans pou rekonstruksyon ak lòt tip de sekou," lidè Japonè a fè konnen, "e èd sa-a pral kòmanse materyalize yon fwa ke gouvènman chilyen-an va fè yon demand ofisyèl pou sa.
Chili se youn nan peyi nan Amerik du Sud-la kote majorite popilasyon-an pratike relijyon katolik. Se konsa Pap Benoit XVI te genyen yon panse espesyal pou peyi sa-a nan mès li chante nan Bazilik Sen-Pyè-a, nan Vatikan, Dimanch.
Souvren Pontif-la di "Panse-mwen ale jwenn peyi Chili ak popilasyon-n-nan ki subi anpil anba tranblemandetè-a ; map priye pou viktim-yo e pou tout moun kap soufri akoz move konsekans kalamite sa-a."
Tranbleman de tè-a te gen yon fòs 8.8 e li frape Chili granm maten Samdi 27 Fevriye-a. Apre sa, te gen plis pase 100 lòt ti soukous ak youn ki te gen yon fòs 6.9.