Accessibility links

Breaking News

Pou Alain Arnand Vwayaje Ayiti pou Ede Reskape Yo Sete Yon Privilej


Alain Arnand se yon Ayisyen-Ameriken ki gen 35 an e ki deside achte yon biyè avyon pou'l al Ayiti apre li te wè imaj devastasyon tranbleman'd tè a sou chèn televisyon CNN.

Apre yon vwayaj 19 hè pa wout depi Sen Domeng li te resi rive Anayiti. Alain di li te chache yon kote li ta kapab util, yon kote li te ka ede, e se konsa li te ateri nan lopital jeneral la nan Potoprens. Chak jou, li te akeyi reskape ki te blese nan tranbleman'd tè a. Misye di nou pi fo suvivan yo te gen janm kase oubyen kraze anba pwa beton oubyen anko se men yo ki te kraze.

Dapre Alain, lopital jeneral la pat an mezu ditou ditou, pou'l resevwa pakèt moun (de milye) akoz mank ekipman, mank oganizasyon epi mank medikaman.

Alain rakonte nou kisa'l te wè, kiyès li rankontre epi li pale nou de yon jèn demwazèl ki rele Casann, ki te enpresyone'l anpil. (Tcheke videyo a pou we entevyou a ann antye).

Gras ak sit entenet "Twitter" Alain te pran kontak ak moun ki tap chache yon fanmi oubyen zanmi epitou etranje ki vle ede Ayiti te fe'l kado lajan pou ede reskape yo.

Jèn avoka a fè konnen li te pase 12 jou sèlman Anayiti akoz lajan li te bout, men li ta renmen tounen nan peyi a osito possib pou ede konpatriyot li yo.

XS
SM
MD
LG