Accessibility links

Breaking News

Moun Yo Akize de Trafik Timoun Ayisyen Resevwa Vizit Misyon Diplomatik Etazuni


Yon manm misyon diplomatik Etazuni nan kapital Ayisyèn nan fè konnen 10 Ameriken ki anba akizasyon trafik ilegal timoun ann Ayiti te resevwa vizit otorite anbasad la, men se lalwa peyi D'Ayiti ki pral deside sò yo.

Nouvel arestasyon 10 Ameriken anba akizasyon ke yo tap deplase timoun ilegalman soti ann Ayiti, pa etone moun nan UNICEF ki responsab pou pwoteksyon timoun. Selon konseye rejyonal pwoteksyon timoun nan biwo UNICEF-la nan Jenev, arestasyon sa a fe wè sa kap pase ann Ayiti kounye a.

"Malerezman, nou pa fin sezi net le'n tande jan de enfomasyon sa yo," Misye LeGrand di. Misye fe sonje ke depi 2 semenn, UNICEF ap moutre jan'l gen kè sote sou posiblite komès timoun ann Ayiti.

XS
SM
MD
LG