Accessibility links

Breaking News

Nasyonzuni: Bon Jan Pwogrè Ap Fèt Nan Efo Pou Ede Sinistre yo


Nasyonzuni fè konnen operayon sekou yo nan peyi D'Ayiti rankontre gwo difikulte e yo konplike, men genyen bon jan pwogrè nan efò kap fèt pou ede moun ki sove anba tranbleman'd tè 12 Janvye pase a.

Responsab an chèf ajans umanitè l’ONU-an, John Holmes, pale pou'l di swen-santé pou moun ki blese yo ak sila ki malad yo, ap amelyore progresivman, menmsi se pa fin sa nèt.

Daprè misye Holmes, pi fò operasyon ki kapab sove lavi moun ki anba risk toujou yo, se operasyon ki déjà fèt, men medikaman ki esansyèl yo, poko disponib sou plas ann Ayiti.

Prensipal responsab ajans umanitè l’ONUan ajoute li nesesè pou genyen plus sistèm obsèvasyon ak suveyans pou detèmine si epidemi pral eklate nan peyi a.

XS
SM
MD
LG