Accessibility links

Breaking News

Entèviou Eksklizif: Prezidan René Préval Réponn Kesyon Lavwad'lamerik


Sa fè 3 semèn depi yon gwo tranbleman de tè ravaje kapital Ayisyèn nan, Pòtoprens, ak omwen 3 lòt vil enpòtan peyi a. Katastwòf la kite Ayiti ak yon seri gwo defi tankou: Koòdinasyon ak distribisyon pwodwi sekou pou sinistre yo, abri pwovizwa pou viktim yo, swen-lasante, elatriye.

Ayisyen yo kritike anpil repons gouvènman an ak "silans" prezidan an, René Préval, apre sekouss asasen 12 janvye 2010 la ki pran lavi apeprè 200 mil kretyen-vivan. Jiskaprezan, konpatriyòt li yo ap tann yon deklarasyon, kèk mo pou di li pataje lapenn ak doulè yo... kèk pawòl pou ba yo kouraj e di yo "peyi a pap mouri e nou pral twouse manch chemiz nou pou rebati Ayiti".

Prezidan Preval, san reponn dirèkteman kritik sa yo, di "se nan tèt frèt lap jere sitiasyon an" apre mank koòdinasyon moun te konstate nan premye jou yo.

Nan entèviou sa a ak chèf leta ayisyen an, Jean-Robert Philippe (anvwaye espesyal Sèvis Kreyòl la nan peyi Dayiti depi katastwòf la) abòde tou ak prezidan Préval ka 10 sitwayen ameriken--manm yon òganizasyon karitatif ki gen baz li Ozetazini--otorite ayisyen yo arete 29 janvye pase a pandan yo ta pral travèse fwontyè Ayiti ak Repiblik Dominikèn nan avèk plis pase yon trantèn timoun ayisyen swadizan òfelen. Prevni yo demanti yo tap eseye "sove" timoun yo e yo fè konnen se nan yon òfelinan nan R.D yo ta pral mete yo.

Kesyon anpil obsèvatè yo ap poze kounye a se: ki sa k' pral rive moun sa yo ?

Koute repons lidè ayisyen an pou tout kesyon sa yo sou ralonj anwo e adwat paj ki genyen atik sa a.

XS
SM
MD
LG